Swiv Jezi Medyatè nou anEgzanp

Following Jesus Our Mediator

JOU 2 SOU 7

Jezi ak Pòv la

Povwete pran plizyè fòm, li kapab espirityèl tankou materyèl. Jezi te rele sila sa yo ki nan nenpòt kalite kategori povwete.

Daprè yon nòt Etid Biblik Afrika aplikasyon an ki gen tit “Povwete Lespri a”:

Anpil moun pòv te rasanble bò kote jezi pou yo tande Jezi kap preche sou montay la. Yo te gentan konnen yo te bezwen èd chak jou pou yo te kapab viv. Jezi te gen tout atansyon moun sa yo epi li te pwomèt yo Wayom Bondye a, sa kite reprezante lajwa, gerizon, ak benediksyon Bondye konplè. Pou yo resevwa bagay sa, yo te dwe rekonèt bezwen yo genyen pou li. Jezi te itilize pòv yo poul montre ke chak grenn moun bezwen pou pwoche kote Bondye apre yo te fin konnen sa ki se pwòp pwovrete pa yo. 

Souvan, yon moun ki gen domaj fizik ki gen ti kras moralite epi ti kras motivasyon poul fè nenpòt bagay la. Moun sa yo, santi yo dekouraje epitou yo kapab pa jwenn okenn rezon pou yo kontinye ap viv. Sak pi mal la, kategori moun sa yo santi yo pa kapab mete espwa yo nan ankenn politisyen oswa systèm sosyal. Mond lan ak enjistis li yo te gentan brize lespri moun sa yo atravè povwete. Nan peryòd moman dezespwa sa yo, sèl Wayom Bondye a ki bay espwa pou restorasyon. 

Wayom Bondye a se pa pou moun ki pòv oswa moun ki rich yo, men se pou chak grenn moun ki reyalize bezwen yo genyen pou Bondye. Si nou pòv, nou pa ta dwe meprize konesans nou-genyen sou povwete lè konesans sa pèmèt nou konprann nan ki nivo nou vrèman bezwen Bondye. Se nan konpreyansyon pwòp bezwen pa nou an kap pèmèt nou eritye Wayom Syèl la tankou pwòp afè pa nou.

Refleksyon oswa Diskisyon

Nan ki fason ou fè eksperyans ak povwete oubyen enjistis nan laviw? Kouman eksperyans sa yo efekte laviw ak fasonw viv?

Poukisa li enpòtan ke Wayom Bondye a se pat jis pou moun ki rich yo, oswa pou moun sa yo ki gen avantaj nan lavi a?

Kouman enjistis mond sa epi kondisyon povwete yo kapab ede nou rayalize ke nou bezwen Bondye?

Nan ki fason pawòl Jezi yo se yon bòn nouvèl pou sila ki nan mitan nou yo kap sibi enjistis?

Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

Following Jesus Our Mediator

Yon mandyan ki avèg kap rele byen fò san ankenn espwa bò wout la, yon fanm imoral ke politès sosyete a meprize kòm moun sal, yon anplwaye nan gouvènman an ki konwonpi ke tout moun rayi–kouman youn nan moun sa yo ki soti nan kategori sa anndan sosyete a ta kapab espere konekte ak yon Bondye ki Sen? Dapre lide ki degaje nan liv Lik la nan Bib Etid Lafrik la, se pou nou swiv Jezi pandan lap fè pon sa ant Bondye ak moun ki majinalize yo.

More

Nou ta renmen remèsye Oasis International Ltd paskel pote plan sa. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: http://Oasisinternationalpublishing.com

Plan ki gen rapò avè l