Misyon Estè aEgzanp

Misyon Estè a

JOU 4 SOU 5

Delivrans pèp Izrayèl la

Apre Estè te demontre yon kouraj san parèy, moman verite a te rive pou l te demaske plan mechan Aman an devan wa Asyeris. Pandan festen an, Estè finalman te revele idantite li kòm Jwif, epi li te denonse konplo Aman te fè kont pèp li a. Lè wa a te tande sa, li te fache anpil, sitou lè li te reyalize kijan Aman te itilize pouvwa li pou mete larenn li, an danje. Se konsa wa a te bay lòd pou yo pann Aman sou menm poto li te prepare pou Madoche a. Menas la te fini pou Estè ak Madoche, men gen plis ki te dwe fèt pou delivrans pèp Izrayèl la.

Menm apre lanmò Aman, lòd ki te siyen pou detwi tout pèp Jwif la te toujou an vigè. Se te yon gwo defèt si Estè ak Madoche pa t aji rapidman. Yo te mande wa a pou pèmèt pèp Izrayèl la defann tèt yo kont moun ki ta vle atake yo. Wa a te bay Madoche otorite pou ekri yon nouvo lòd ki t ap pèmèt Jwif yo pran zam yo pou pwoteje tèt yo. Avèk favè Bondye ak direksyon, pèp Izrayèl la te jwenn mwayen pou evite destriksyon an e pou jwenn viktwa sou ènmi yo.

Jou sa a te vin tounen yon fèt gwo viktwa pou pèp Izrayèl la. Estè te montre kijan Bondye itilize moun k ap mete lafwa yo nan men li pou delivre nasyon an. Pèp la pa t sèlman jwenn lavi, men yo te jwenn respè ak onè tou. Nan tout vil Pès yo, anpil moun te kòmanse rekonèt Bondye pèp Jwif la, epi gen kèk menm ki te deside vin Jwif. Delivrans sa a te yon prèv ke lè Bondye an kontwòl, okenn plan ènmi an pa ka rive sou pèp li a. Se avèk kouraj, lafwa, ak obeyisans Estè te mennen liberasyon sa a pou nasyon li a.

Jou 3Jou 5

Konsènan Plan sa a

Misyon Estè a

Estè se yon fanm Bondye te itilize pou sove pèp Izrayèl la. Li te ranpli yon misyon kouraj ak obeyisans. Atravè gid lekti sa a, nou pral gade kijan lafwa Estè te pèmèt li fè fas ak menas, men tou, kijan Bondye te sèvi ak detèminasyon li pou akonpli plan Li. Sa kapab enspire nou nan moman difikilte yo pou nou ka viv ak kouraj ak konfyans nan Bondye.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/