Misyon Estè aEgzanp

Misyon Estè a

JOU 3 SOU 5

Lafwa ak Kouraj nan Fè Fas ak Lapèrèz

Estè te gen yon gwo desizyon pou l pran lè li te jwenn nouvèl la sou menas lanmò ki pandye sou pèp Izrayèl la. Aman te deja konvenk wa a siyen yon lòd pou detwi tout Jwif yo nan wayòm nan. Estè te konnen ke pou l sove pèp li a, li ta dwe antre devan wa a san envitasyon. Aksyon sa a te ka mennen nan lanmò li, paske wa a te kapab òdone ekzekisyon li si l pa t jwenn favè devan li. Epi, Estè te ranmase tout kouraj li nan yon moman kote lapèrèz t ap fè li tranble anndan kè li.

Anvan li te antre devan wa a, Estè te mande pèp li fè jèn ak lapriyè pou li pandan twa jou. Li te pran tan pou chèche direksyon Bondye e pou ranfòse lafwa li nan misyon difisil sa a. Li te konprann li te bezwen konfyans nan Bondye pou l fè fas ak pwoblèm sa a. Aksyon Estè a te montre kouraj ak lafwa pwofon, menm lè sitiyasyon an te sanble san espwa. Li te fè fas ak lapèrèz avèk fòs Bondye ba li. Sa montre nou tou, lè nou mete konfyans nou nan Bondye, nou ka fè fas ak nenpòt sitiyasyon difisil.

Lè Estè finalman antre devan wa a, li te jwenn favè nan je l. Wa a te lonje baton wayal li bay Estè, e li te koute demann li yo epi li te fè li favè. Estè pa t fè prese; li te sèvi ak sajès ak disènman, envite wa a ak Aman nan yon festen anvan li te fè gwo demann li a. Sa montre nou ke kouraj ak lafwa pa sèlman mande aksyon rapid, men tou sajès nan fason nou abòde pwoblèm yo. Bondye te gen kontwòl sitiyasyon an, e li te sèvi ak kouraj Estè pou kòmanseliberasyon pèp li a.

Jou 2Jou 4

Konsènan Plan sa a

Misyon Estè a

Estè se yon fanm Bondye te itilize pou sove pèp Izrayèl la. Li te ranpli yon misyon kouraj ak obeyisans. Atravè gid lekti sa a, nou pral gade kijan lafwa Estè te pèmèt li fè fas ak menas, men tou, kijan Bondye te sèvi ak detèminasyon li pou akonpli plan Li. Sa kapab enspire nou nan moman difikilte yo pou nou ka viv ak kouraj ak konfyans nan Bondye.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/