Misyon Estè aEgzanp

Misyon Estè a

JOU 2 SOU 5

Menas Aman ak Detèminasyon Estè

Aman te yon nonm ki gen anpil pouvwa nan wayòm Pès la, men li te gen yon kè mechan ak yon plan detwi pèp Izrayèl la. Lè Madoche te refize bese devan li, sa te fè Aman fache anpil, epi li te deside non sèlman pou detwi Madoche, men tout nasyon Jwif la. Avèk konplo, Aman te rive konvenk wa Asyeris pou siyen yon dekrè ki ta pral fè tout pèp la disparèt. Menas lanmò te pandye sou tèt pèp Izrayèl la.

Nan mitan kriz sa a, Estè, ki te vin tounen larenn, te vin konnen sa k ap pase. Li te nan yon pozisyon difisil, paske menm si li te larenn, li te yon Izrayelyèn tou. Li te konnen ke si li pa t aji, pèp li t ap peri. Epi, antre devan wa a san envitasyon te ka mennen nan lanmò li. Nan yon moman kritik konsa, Madoche te fè li konprann se Bondye ki mete li nan plas sa a pou yon objektif espesifik – pou sove pèp li. Detèminasyon Estè te grandi lè li te konprann kijan misión li a te enpòtan.

Se ak konfyans nan Bondye epi detèminasyon Estè te deside pran chans lan. Li te mande Madoche ak tout pèp la pou yo fè jèn epi lapriyè pou li, pandan li menm t ap prepare l pou l fè fas ak wa a epi Aman. Sa montre nou ke lè n ap fè fas ak difikilte oswa menas nan lavi nou, detèminasyon ak lafwa nan Bondye ka ban nou fòs pou n poze aksyon ki mande anpil kouraj. Estè te yon egzanp kouraj, detèminasyon, ak lafwa nan plan Bondye.

Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

Misyon Estè a

Estè se yon fanm Bondye te itilize pou sove pèp Izrayèl la. Li te ranpli yon misyon kouraj ak obeyisans. Atravè gid lekti sa a, nou pral gade kijan lafwa Estè te pèmèt li fè fas ak menas, men tou, kijan Bondye te sèvi ak detèminasyon li pou akonpli plan Li. Sa kapab enspire nou nan moman difikilte yo pou nou ka viv ak kouraj ak konfyans nan Bondye.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/