Misyon Estè aEgzanp

Misyon Estè a

JOU 1 SOU 5

Estè, Moun Bondye Chwazi a

Estè te yon jèn fi Izrayelyèn ki te gen yon plas espesyal nan plan Bondye. Depi nan kòmansman liv la, nou wè kijan Bondye te chwazi li pou ranplase larenn Vachti. Men, sa ki fè Estè espesyal se pa bote li sèlman, men se obeyisans li anvè Bondye ak anvè pèp Li a. Pandan tout pwosesis seleksyon pou chwazi renn nan, Estè te rete fidèl, sensè, e Bondye te klere wout li. Li te gen favè devan wa a, men se favè Bondye ki te pi enpòtan.

Malgre pozisyon li kòm larenn, Estè pa t bliye rasin li, ni pèp li ki te anba menas pou yo te disparèt li. Bondye te mete Estè nan plas sa a pou yon misyon espesifik: sove pèp Izrayèl la. Avèk konsèy ak ankourajman Madoche, Estè te konprann Bondye te chwazi li pou yon travay pi gran pase tèt li. Li te oblije pran chans pou mete tèt li an danje pou defann pèp li devan wa a. Se te yon akonplisman ki chita sou kouraj ak lafwa.

Estè te montre yon egzanp eksepsyonèl de kijan nou kapab sèvi Bondye menm nan pozisyon kote risk ak danje ap menase lavi nou. Bondye toujou gen yon plan pou lavi nou, e li ka sèvi ak nou menm lè nou santi nou pa merite oswa lè sitiyasyon an sanble enposib. Se pou nou suiv egzanp Estè, ki te obeyi Bondye ak kouraj, mete lafwa nou nan men Li menm lè lavi nou menase.

Jou 2

Konsènan Plan sa a

Misyon Estè a

Estè se yon fanm Bondye te itilize pou sove pèp Izrayèl la. Li te ranpli yon misyon kouraj ak obeyisans. Atravè gid lekti sa a, nou pral gade kijan lafwa Estè te pèmèt li fè fas ak menas, men tou, kijan Bondye te sèvi ak detèminasyon li pou akonpli plan Li. Sa kapab enspire nou nan moman difikilte yo pou nou ka viv ak kouraj ak konfyans nan Bondye.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/