GerizonEgzanp

Gerizon

JOU 3 SOU 5

Istwa fanm lan ki te touche rad Jezi a

Istwa fanm pèd de san an ki te touche rad Jezi a montre nou gwo pouvwa lafwa genyen. Fanm sa a t ap soufri ak yon san ki t ap koule pandan plis pase douz ane san li pa t janm jwenn gerizon, men li te gen anpil kouraj ak lafwa. Nan mitan foul moun yo, li pwoche ak espwa si li ka sèlman touche rad Jezi, li ap geri. Malgre yo te izole li epi rejte li nan sosyete a akoz maladi li, li te gen yon lafwa ki pouse li fè yon aksyon riske.

Li te geri pa paske li te touche Jezi sèlman, men paske li te gen lafwa. Menm kote li te sèlman manyen rad Jezi a, li santi li te geri imedyatman. Jezi te santi gen yon fòs ki te sòti nan Li, Li vire epi mande: "Ki moun ki manyen rad mwen?" Fanm lan t ap tranble epi li te pè konfese devan tout moun sa li te fè a. Jezi te reponn li avèk konpasyon epi rekonfòte li.

Lafwa nan Jezi gen pouvwa pou geri nou, kit se fizik, emosyonèl, oswa espirityèl. Istwa sa a pa sèlman sou gerizon fizik fanm lan, men li demontre ki jan lafwa gen kapasite pou chanje lavi nou nan tout domèn. Lè nou gen lafwa nan Jezi, nou ouvè pòt pou mirak ak bènediksyon Bondye nan lavi nou. Lafwa ban nou konfyans menm nan moman ki pi difisil yo, Bondye ap travay pou byen nou.

Lè nou fè fas ak pwoblèm, tristès, oswa maladi, nou ka sonje istwa fanm lan. Nou ka vini devan Jezi ak yon kè plen lafwa, kèlkeswa kondisyon nou ye. Li ap tande nou, li ap konprann doulè nou yo, epi li ap pare pou geri nou. Se pa touche fizikman ki enpòtan, men lafwa nou mete nou anba pouvwa Li ak lanmou Li pou nou.

Jou 2Jou 4

Konsènan Plan sa a

Gerizon

Men yon gid lekti biblik pou devosyon nou chak jou ki mete aksan sou gerizon espirityèl, emosyonèl, ak gerizon fizik atravè Bib la. Gid lekti sa a ap dewoule sou yon peryòd 5 jou, kote chak jou yo w ap jwenn yon vèsè biblik ki mache ak li. Pran tan pou li dokiman an epi rive jwenn konsolasyon ak gerizon pou nanm ou ladan l.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/