GerizonEgzanp

Gerizon

JOU 1 SOU 5

Sante Espirityèl nan Kris la

Bonjan gerizon an kòmanse ak gerizon espirityèl ou. Siman w ap poze tèt ou kesyon kijan yon moun ka geri espirityèlman, eske moun malad espirityèlman palan? Bib la rakonte nou nan liv Jenez kijan premye moun Bondye te kreye yo te dezobeyi l epi te kite yon maladi ki pase de jenerasyon an jenerasyon, de pitit an pitit. Maladi sa a rele PECHE. Peche se dezobeyisans a Bondye, se separasyon ak Bondye, se viv san Bondye. Donk akoz de sitiyasyon sa a tout moun sou tè a ap viv ak maladi espirityèl sa a nan nanm yo. Bib la di se nou tout ki peche, se nou tout ki vire do bay Bondye. Men sa pa rete konsa, se pa tankou se yon pwoblèm ki pa gen solisyon. Bib la di se atravè blesi Kris la sou kwa a, nou jwenn gerizon. Sakrifis li fè sou kwa a pèmèt nou jwenn padon nan men Bondye ak yon nouvèl vi. Sa a se li menm ki baz tout lòt fòm gerizon yo nan lavi a. Nan Kris la, nou jwenn yon sous padon ki pa janm sèche epi sous padon sa a, se li menm ki gerizon nou. Lanmou Jezi genyen pou nou an plen ak mizèrikòd, epi li envite nou vini jwenn Li ak tout chay nou yo pou li ka soulaje nou. Lè nou ranmase kouraj nou pou nou konfese peche nou yo epi kite tout sa ki mal nou te konn fè yo, Bondye nan fidelite li ap padone nou epi netwaye nou de tout enjistis.

Lè nou pase tan avèk Li, lespri nou ap jwenn repo. Li ban nou lapè ki depase tout sa moun ka konprann. Lapè sa a ranpli kè nou avèk lajwa menm nan mitan difikilte. Li ban nou espwa lè tout bagay sanble fini. Se nan pwosesis sa a, gerizon espirityèl nou ap pran plas piti piti. Se nan Kris la nou jwenn vrè gerizon vre. Li pran soufrans nou yo, epi Li ban nou lapè nan tout aspè nan lavi nou. Lè konsa Se pa sèlman lespri nou ki jwenn gerizon, men tout nou menm– lespri, nanm, ak kò – jwenn renesans nan lanmou ak mizèrikòd Jezi. Ale jwenn Li ak tout konfyans, paske Li se sila a ki ka ban nou sante espirityèlnou bezwen jodi a, demen ak pou tout tan.

Jou 2

Konsènan Plan sa a

Gerizon

Men yon gid lekti biblik pou devosyon nou chak jou ki mete aksan sou gerizon espirityèl, emosyonèl, ak gerizon fizik atravè Bib la. Gid lekti sa a ap dewoule sou yon peryòd 5 jou, kote chak jou yo w ap jwenn yon vèsè biblik ki mache ak li. Pran tan pou li dokiman an epi rive jwenn konsolasyon ak gerizon pou nanm ou ladan l.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/