Bondye Bon!Egzanp

Bondye Bon!

JOU 1 SOU 4

Bondye toujou bon menm nan moman difisil yo

Lavi gen moman kote tout bagay sanble difisil, kote nou santi nou pèdi, e nou pa konnen kijan pou n avanse. Menm nan moman sa yo, li enpòtan pou nou sonje Bondye toujou bon. Bonte li p ap janm chanje, li rete menm jan toutan. Se pa sa nou fè ki byen ki detèmine lanmou Bondye pou nou. Okontrè, Bondye toujou akonpaye nou, menm lè nou pa ka wè limyè nan fonksyonman lavi nou. Bonte Bondye se tankou yon pyebwa ki bay lonbray lè solèy la twò cho, Li toujou la pou nou pran refij anba zèl pwoteksyon li.

Anpil fwa, lè nou ap travèse difikilte, nou konn mande si Bondye ap tande priyè nou. Men se nan moman difisil sa yo Bondye ap travay an silans pou prepare yon bagay pi gran pase sa nou ka imajine. Nou bezwen mete konfyans nou nan Li, paske nan chak defi, Bondye ap prepare yon viktwa pou nou. Li sèvi ak moman difisil yo pou fè plan li akonpli nan lavi nou. Li itilize tribililasyon sa yo pou pèmèt nou grandi, pou fè nou vin pi fò nan lafwa, e pou montre nou kijan Li se yon Bondye ki toujou fidèl nan pwomès Li yo.

Pandan n ap mache nan fè nwa pwoblèm yo, bonte Bondye toujou ap gide nou. Menm si nou pa wè kote nou prale, Bondye deja konnen finisman vwayaj la. Lanmou Li p ap janm abandone nou, menm nan moman nou pi feb yo, Li toujou kenbe men nou. Se nan moman sa yo nou rive aprann mete tout konfyans nou nan Bondye tout bon vre, paske Li se sèl sous sekou nou ak espwa nou. Bondye toujou la, menm lè lavi di, epi bonte Li ap klere nan tout sa nou fè.

Jou 2

Konsènan Plan sa a

Bondye Bon!

Gid lekti sa a ap ede n dekouvri bonte Bondye ki prezan nan tout sikonstans yo. Kit n ap fè eksperyans lajwa oubyen difikilte, n ap sonje lanmou ak mizèrikòd Bondye ki dire pou tout tan. N ap wè kijan fidelite Bondye ka chanje lavi nou epi transfòme kè nou pandan n ap medite sou pawòl Li chak jou.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/