Viktwa sou LanmòEgzanp

Viktwa sou Lanmò

JOU 5 SOU 5

Viv pou Bondye

Apot Pòl fè deklarsyon sa konsa pou l di, li klouwe ak Kris, si li ap jodi a se pa li menm k ap viv men se kris k ap viv nan li. Sa montre fondman lavi kretyèn nan. Lavi nou kòm moun ki kwè nan Jezi pa chita sou pwòp volonte ak dezi pèsonèl nou yo ankò, men sou kijan nap fè volonte Bondye. Lè nou renonse ak tèt nou pou suiv Kris la, nou bay tèt nou pou sèvis Bondye e nou kite li dirije tout aspè nan lavi nou.

Viv pou Bondye mande yon soumisyon total, kote dezi nou, rèv nou, ak tout plan pèsonèl nou vin konsantre sou sa ki fè Bondye plezi. Lè Kris ap viv nan nou, lavi nou ranpli ak prezans ak pouvwa li. Nou pa chèche fè volonte nou, men pito fè sa ki bon epi onorab devan Bondye. Nou vin libere de chenn peche yo, paske Kris deja pote viktwa sou peche ak lanmò. Nan yon lavi konsa, nou jwennyon espwa solid kote malè pa ka kontwole nou ankò, paske Kris ap dirije lavi nou.

Se nan sa n ap jwenn viktwa—viktwa sou peche, lanmò, ak tout bagay ki vle detounen nou de chemen Bondye a. Kris, ki resisite soti vivan nan lanmò, ap viv nan nou chak jou lè nou chwazi bay lavi nou pou li. Lavi sa a pa limite nan tan nou sou tè a. Nou jwenn fòs, direksyon, ak objektif lè Kris ap viv nan nou, e li mennen nou nan yon viktwa ki pa sèlman sou lanmò men sou tout bagay ki vle anpeche nou jwenn prèzans Bondye. Se pou nou chak jou viv pou Bondye, atravè Kris la nan sant lavi nou.

Jou 4

Konsènan Plan sa a

Viktwa sou Lanmò

"Viktwa sou Lanmò" se yon seri devosyon ki ap chache konprann lanmò kòm yon reyalite nou paka evite sou wout nou nan lavi a. Men lanmò te soumèt li anba pouvwa ak viktwa Kris la sou kwa a. Chak meditasyon fè yon refleksyon sou diferans ki genyen ant lanmò fizik ak lanmò espirityèl, pandan l ap raple nou ke, nan Kris, se pa lanmò ki gen dènye mo a.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/