Viktwa sou LanmòEgzanp

Viktwa sou Lanmò

JOU 4 SOU 5

Jezi se Rezirèksyon ak Lavi a

Lè Jezi deklare, "Mwen se rezirèksyon ak lavi a. Moun ki kwè nan mwen, menm si li mouri, li va viv," li bay yon pwomès ki chanje totalman fason nou wè lavi ak lanmò. Sa montre pouvwa sovè a genyen pou bay lavi etènèl a tout moun ki mete konfyans yo nan li. Lavi sa a pa limite sèlman nan eksperyans fizik nou, men li depase limit lanmò pou rantre nan prèzans Bondye pou tout tan. Jezi, ki te gen pouvwa pou resisite moun ki mouri pandan Li te sou tè a, asire nou ke menm lanmò pa ka retire nou nan pla men Li.

Lanmò, ki nan mond sa apèdi tout pouvwa li sou moun ki kwè nan Kris la. Pèrèz lanmò souvan domine anpil moun, men Kris vini pou kraze chenn pè sa a. Lè nou kwè nan pwomès Jezi te fè a, nou jwenn yon espwa solid ke menm si nou mouri fizikman, lavi nou pa fini la. Lavi etènèl la kòmanse avèk lafwa nou nan Kris, e lanmò se sèlman yon pasaj ki mennen nou nan glwa etènèl nan prèzans Sovè nou an. Sa se viktwa final ke nou genyen atravè Jezi—yon viktwa ki garanti yon lavi san fen nan prezans Li.

Pawòl sa yo pouse nou viv ak yon kè plen ak konfyans. Nou ka fè fas ak tout sitiyasyon lavi a pote san laperèz, pandan nou konnen lavi etènèl la asire pou nou. Kris pa sèlman resisite nan kò Li, men Li ofri nou menm rezirèksyon sa a, kote nou pral viv pou tout tan avèk Li. Nou dwe kenbe pwomès sa a nan kè nou chak jou, epi kite Li dirije fason nou viv.

Jou 3Jou 5

Konsènan Plan sa a

Viktwa sou Lanmò

"Viktwa sou Lanmò" se yon seri devosyon ki ap chache konprann lanmò kòm yon reyalite nou paka evite sou wout nou nan lavi a. Men lanmò te soumèt li anba pouvwa ak viktwa Kris la sou kwa a. Chak meditasyon fè yon refleksyon sou diferans ki genyen ant lanmò fizik ak lanmò espirityèl, pandan l ap raple nou ke, nan Kris, se pa lanmò ki gen dènye mo a.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/