Viktwa sou LanmòEgzanp

Viktwa sou Lanmò

JOU 1 SOU 5

Viktwa Sou Lanmò

Lanmò se yon bagay ki fè anpil moun tranble, li se yon etap pèsòn paka evite nan lavi yo. Men, Apòt Pòl di nou nan Bib la, nou pa bezwen viv ak laperèz sa a. Pòl te menm mande lanmò, ki kote viktwa li ye e nan kesyon sa a, Pòl montre lanmò pa gen dènye mo a vre. Menm si lanmò rete pwisan men, Bondye, nan gras li, fè yon bèl bagay pou nou. Li voye Jezikri pou pote viktwa sou lanmò.

Nou ka mande tèt nou, kijan nou ka akeyi viktwa sa a? Avèk pwòp fòs nou, nou p ap janm ka genyen batay sa a. Men, atravè rezirèksyon Jezi a, nou jwenn tout pouvwa ak viktwa sou lanmò. Kris la te pran chay lanmò a pou nou, li te kraze tout chenn ki te mare nou. Gras a li, nou kapab viv san kè sote, se pou konnen lanmò pa gen okenn pouvwa sou nou ankò. Nan Kris, nou jwenn lavi ki p ap janm fini, lavi ki ale pi lwen pase sa nou ka imajine. Se yon lavi ki ranpli ak espwa, e ki ranpli ak viktwa.

An nou viv avèk kouraj, san kè sote, e se pou nou remèsye Bondye pou kado sa a. Paske li te ban nou sa nou pa t ap janm ka jwenn poukont nou: Viktwa sou lanmò.

Jou 2

Konsènan Plan sa a

Viktwa sou Lanmò

"Viktwa sou Lanmò" se yon seri devosyon ki ap chache konprann lanmò kòm yon reyalite nou paka evite sou wout nou nan lavi a. Men lanmò te soumèt li anba pouvwa ak viktwa Kris la sou kwa a. Chak meditasyon fè yon refleksyon sou diferans ki genyen ant lanmò fizik ak lanmò espirityèl, pandan l ap raple nou ke, nan Kris, se pa lanmò ki gen dènye mo a.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/