Viktwa sou LanmòEgzanp
Lanmò Fizik ak Lanmò Espirityèl
Lanmò se yon reyalite inevitab pou tout moun, yon pasaj kote kò nou kite mond sa a pou antre nan yon lòt dimansyon. Nan liv Ebre a, nou aprann kijan apre lanmò fizik, gen yon lòt etap—jijman Bondye. Sa vle di lavi sa a se pa fen total la, men yon chemen k ap mennen nou nan yon lòt reyalite. Pou moun ki kwè nan Kris, lanmò se pa yon bagay pou n pè, paske nou gen asirans ke Kris deja prepare yon plas pou nou nan prèzans Bondye. Nou ka viv avèk kouraj paske lanmò fizik se sèlman yon etap sou chemen an, nan direksyon lavi etènèl la.
Men, gen yon lòt fòm lanmò ki pi danjere—lanmò espirityèl. Gen anpil danje nan yon lavi ki chaje ak eksè epi plezi materyèl, men ki vid epi san relasyon ak Bondye. Yon moun ka viv fizikman, men si li pa gen Bondye nan lavi, li deja nan yon kondisyon lanmò espirityèl. Sa vle di yon lavi san direksyon, san objektif espirityèl, ak san prezans Kris nan kè li. Lanmò espirityèl se pi gwo danje ki menase yon moun, paske li se yon egzistans san siyifikasyon ak san lespwa etènèl.
Nou dwe veye pou n evite lanmò espirityèl, chèche viv yon lavi ki onore Bondye nan tout aspè. Sa mande pou nou rete kole ak Kris, chèche fè volonte li, e viv yon lavi ki ranpli avèk lespri Bondye. Lavi nan Kris sou tè a se sèl mwayen pou n jwenn lavi ki pap janm fini an—yon lavi ki depase lanmò fizik e ki garanti etènèlman. Se pou nou toujou veye epi fè atansyon pou nou pa tonbe nan pyèj yon lavi ki sèlman konsantre sou bagay sou tè a, men pou n chèche bagay ki dire etènèlman nan Kris.
Konsènan Plan sa a
"Viktwa sou Lanmò" se yon seri devosyon ki ap chache konprann lanmò kòm yon reyalite nou paka evite sou wout nou nan lavi a. Men lanmò te soumèt li anba pouvwa ak viktwa Kris la sou kwa a. Chak meditasyon fè yon refleksyon sou diferans ki genyen ant lanmò fizik ak lanmò espirityèl, pandan l ap raple nou ke, nan Kris, se pa lanmò ki gen dènye mo a.
More
Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/