Repo pou sa yo ki nan EnkyeteEgzanp

Rest For The Restless

JOU 3 SOU 3

REPO KONT TOUT EPRÈV OU RANKONTRE CHAK JOU YO 

Nou tout la pote anpil chay. Gen nan nou ki genyen chay maladi, epi gen lòt yo ki genyen chay presyon nan travay. Gen timoun ki sibi chay etid. Gen anpil paran ki pase anba anpil estrès pandan y'ap elve timoun yo. Genyen ki pase anba pwoblèm finansyè, pandan ke gen lòt ke se pwoblèm emosyonèl ak enkyetid. Bib la klè lè'l di n'ap pase anba eprèv nan mond sa. An reyalite, Jezi di ke "nan mond sa w'ap gen tribilasyon" (Jan 16:33). Se menm jan an tou, Pyè di nou: "Frè'm yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife, Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estraòdinè k'ap rive nou la a" (1 Pyè 4:12).

Jòb fè nou sonje ke "Nou menm moun, se nan vant fanm nou sòti lavi nou kout men li pa manke traka" (Jòb 14:1)! Sa enkli nou tout. Pòl di moun Korent yo, "Pandan n'ap viv nan kò sa sou latè a, n'ap plenn tankou moun ki anba chay" (2 Korent 5:4)! Toutotan n'ap viv sou tè sa a, n'ap pote plizyè chay. Men genyen yon bon nouvèl! Pwomès Jezi nan Matye 11:28 lan se pou eprèv nou rankontre jak jou yo tou. Jezi ofri nou repo pandan ke nap viv sou tè sa. Se pou tèt sa Apòt Pyè ankouraje nou pou nou vin depoze tout enkyetid nou yo sou [Jesus] paske li sousye de nou." (1 Pyè 5:7). Nou pa bezwen pote chay nou paske Jezi dispoze pou'l pran tout chay nou yo sou do li. Lè nou jete tout enkyetid nou yo sou li, L'ap ban nou yon pè pafè menm nan mitan eprèv yo (Jan 16:33; Filipyen 4:6-7). Genyen repo lè'w vin jwenn Jezi. Lè li pwomèt yon bagay, li asire w ke li ap akonpli li.

Jodia, vini jwenn Jezi epi resevwa lapè. Pa gen repo nan peche, pa gen repo nan byen terès, pa gen repo nan repitasyon, pa gen repo nan moun, pa gen repo nan bwè alkòl, e pa gen repo nan pran dwog. Vrè repo a se nan Kris sèlman ou ka jwen li! Dè milyon de moun atravè mond lan fè eskperyans ak repo sa Jezi ofri a. Ou menm tou ou ka fè eskperyans ak repo sa kont tout eprèv ou rankontre jak jou yo.

Jou 2

Konsènan Plan sa a

Rest For The Restless

Devosyon sa ap ede moun kap chèche yo jwenn Kris epi l'ap ankouraje kwayan yo pou yo jwenn repo nan Kris nan moman eprèv yo.

More

Nou ta renmen remèsye David Mende ak El-Shaddai AOG paske yo bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://elshaddaiag.in/