Wi, lè kò nou rete ladan sou latè a demoli, Bondye sere yon lòt bitasyon pou nou nan syèl la, yon kay byen solid k'ap dire tout tan. Se li menm menm k'ap bati kay sa a pou nou. Koulyeya m'ap soupire sitèlman paske mwen anvi antre abite nan kò m' gen nan syèl la. Konsa, lè m'a antre ladan l, yo p'ap jwenn mwen toutouni. Wi, toutotan m'ap viv nan kò mwen gen sou latè a, m'ap plenn tankou moun ki anba yon chay. Sa pa vle di mwen ta renmen wete kò sa a sou mwen. Men, mwen ta renmen pito mete kò mwen gen nan syèl la sou mwen. Se konsa, tou sa ki gen pou mouri nan nou pral disparèt nan lavi. Se Bondye menm ki pare chanjman sa a pou nou. Li ban nou Sentespri li kòm avangou sou tout byen li sere pou nou yo.
Li 2 Korent 5
Koute 2 Korent 5
Pataje
Konpare tout Vèsyon yo: 2 Korent 5:1-5
Sere vèsè yo, li offline, gade klip ansèyman, ak plis ankò!
YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo