Repo pou sa yo ki nan EnkyeteEgzanp

Rest For The Restless

JOU 1 SOU 3

OU ENVITE

Jodya, ou jwenn pi gran envitasyon kòm yon benefisyè. ou pa kwè sa? Se vre wi! Mwen di sa se pi gran envitasyon paske li sòti de yon moun ki dign. Moun ki bay envitasyon sa rele Jezi Kris. Envitasyon enkwayab sa sòti nan Matye 11:28 kote Jezi di, "Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou."

Envitasyon sa se pou "Tout moun ki bouke e ki anba chay." Apèl sa se pa pou sa yo ki endepandan. Se pa pou sa yo ki arogan. Malerezman, gen anpil moun ki trò fyè pou yo admèt ke yo santi yo chaje. Yo pa reyalize ke yo bezwen èd divin. Alò, Jezi envite tout sa yo ki bouke e chaje. Mo doulè vle di chay ke nou pran sou tèt nou. Epi fwaz chaj lou refere ak chay (règleman legal) lòt moun mete sou nou (cf. Matye 23:4; Lik 11:46). 

Yon jwif Otodòks te chaje de religyon'l. Yon jwif te sipoze kanbe tout 613 kòmandman ki mansyone nan lwa a. Plis toujou, yo te sipoze swiv anpil lòt règ ak règleman mansyone nan tradisyon jwif yo. Jwif la viv anba yon eko ki di "Piga". Men Bib la di nou ke nou pap  janm ka sove si nou swiv lalwa (Galat 2:16). 

Èske w ap pote yon gwo chay peche ak fòt (Sòm 38:3-4)? Ebyen, Jezi ofri ou repo. Nan Matye 11:28, mo 'repo' a vle di delivrans. Ou pa ka libere de chay ou yo epi pou jwenn delivrans lè'w ap eseye swiv lalwa ak pwòp fòs ou oswa ak zèv ou fè. Bon zèv se fwi delivrans, men li pa rasin li. Kris fè tout sa ki bezwen fèt pou ou ka genyen delivrans. Sa ou bezwen fè se vin jwenn Jezi avèk yon senp konfyans, repanti kont peche'w yo, epi mande'l pou li padone'w. Sonje ke envitasyon sa inivèsèl. Jezi di "tout sa yo ki bouke e chaje." Li pa enpòtan nan ki ras ou fè pati, ki relijyon w'ap swiv, nan ki rejyon ou fè pati, oswa ki koulè po'w ye. Envitasyon sa se pou ou! Ou envite!

Jou 2

Konsènan Plan sa a

Rest For The Restless

Devosyon sa ap ede moun kap chèche yo jwenn Kris epi l'ap ankouraje kwayan yo pou yo jwenn repo nan Kris nan moman eprèv yo.

More

Nou ta renmen remèsye David Mende ak El-Shaddai AOG paske yo bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://elshaddaiag.in/