Repo pou sa yo ki nan EnkyeteEgzanp

VIN JWENN JEZI
N'ap viv nan yon mond ki chaje ak estrès. Genyen estrès nan kay la, nan lekòl, nan inivèsite, nan travay, ak prèske tout kote.
Dènyèman, Mwen tap li yon atik nan Economic Times (12 Septanm 2016) ki revele daprè yon sondaj, ke 46% nan mendèv Endyen yo soufri de kèk fòm estrès. Mwen sipoze sa vrè de lòt moun nan lòt pati mond lan. Yon fason pou yo ka fè fas ak estrès, moun lage kò yo nan bwè alkòl, nan fè shopping, nan kade fimm, nan televisyon, intènèt, tronpe mari oswa madanm yo, dwòg, elatriye. Bagay sa yo pap janm kapab ede nou fè fas ak estrès. men, ki solisyon ki genyen ki dire epi ki ka bay libète de estrès? Jezi. Wi, nan Matye 11:28, Jezi envite tout sa yo ki bouke epi chaje yap jwenn repo nan li.
Jezi pa di, "Ale yon lòt kote pou jwenn repo." Li di "Vini jwenn mwen." Jezi ofri tèt li kòm yon solisyon pou chaj nou yo. Sa vrèman se yon envitasyon ki plen otorite. Pou ki sa mwen di sa? Paske lè'w bay yon moun repo se yon privilèj diven (Ezayi 40:28-31). Sèlman Bondye ki ka ban nou repo. Men la, Jezi ofri repo sa a. donk, sa a se pa yon envitasyon yon pwofesè oswa yon pwofèt òdinè bay. Jezi, ki se Bondye an chè e an nòs ban nou envitasyon sa ak tout otorite. En reyalite, ou paka goute repo sa a san ou pa vin jwenn Jezi.
Kounye a vin jwenn Jezi sijere ke nou kwè nan li (cf Jan 6:35, kote vin jwenn Jezi epi kwè nan li ittilize yon fòm paralèl). Objè lafwa nou se pa legliz, yon pastè, yon kwayans, oswa nenpòt lòt bagay. Objè lafwa nou se Kris menm. Nou ka goute repo sa sèlman lè nou kwè nan Jezi.
Pa gen yon moun sou tè sa ki ka bay envitasyon sa. Menm pwòp paran ou, mari oswa madanm, pitit, oswa bon zanmi'w pa ka ofri'w envitasyon sa. Jezi sèlman ka ban nou envitasyon sa paske se li sèl ki ka ban nou vrè repo. Jezi sèl se chemen an, verite a, epi lavi a (Jan 14:6). Li se delivrans nou. Li se espwa nou. Li se rezirèksyon an ak lavi a (Jan 11:25). Li se pi gwo trezò! Li menm sèl ki se solisyon pou tout pwoblèm. Se pou tèt sa Jezi mande nou pou nou vini jwenn Li. Vin jwen Jezi jodia!
Konsènan Plan sa a

Devosyon sa ap ede moun kap chèche yo jwenn Kris epi l'ap ankouraje kwayan yo pou yo jwenn repo nan Kris nan moman eprèv yo.
More