Pwovèb 15

15
1Yon bon repons dous ap kalme yon moun #Jij 8.1-3; 1 Sam 25.10-13; 1 Wa 12.13-16; Pwo 25.15 ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w'ap fè l pi eksite.
2Pawòl #Pwo 12.23 ki sòti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki sòti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans.
3Je #Jòb 31.4; Pwo 5.21; Jer 16.17; Zak 4.10; Eb 4.13 Senyè a toupatou, l'ap veye tout moun, bon kou mechan.
4Bon #Pwo 11.3; 12.18 pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre.
5Moun #Pwo 13.18 fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y'ap rale zòrèy yo.
6Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo.
7#Mat 12.34,35 moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y'ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo.
8Senyè a #Pwo 21.27; 28.9; Eza 1.11,15; 66.3; Jer 6.20; Am 5.22 pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l.
9Senyè a #Pwo 21.21; Eza 51.1; 1 Tim 6.11 pa ka sipòte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k'ap fè sa ki dwat devan li.
10Moun #Pwo 12.1 ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri.
11Senyè a #1 Sam 16.7; 2 Kwo 6.30; Jòb 26.6; Jan 2.24,25 konnen sa k'ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l pa konnen sa k'ap pase nan kè moun.
12Moun k'ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy.
13#Pwo 12.25; 17.22 kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou.
14Yon #Pwo 14.6 moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.
15Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou.
16Pito #Sòm 37.16; Pwo 16.8; Ekl 4.6 ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje.
17Pito #Pwo 17.1 ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou manje bon jan vyann ak moun ki rayi ou.
18Yon #Pwo 14.29; 29.22 moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.
19Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l.
20Yon #Pwo 10.1 pitit byen elve fè kè papa l kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l.
21Moun #Ef 5.15 ki san konprann kontan lè y'ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fè sa ki dwat.
22#Pwo 11.14 ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.
23Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon!
24Moun #Kol 3.2 ki gen konprann, se yon chemen moute y'ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmò a.
25Senyè a #Sòm 146.9; Pwo 23.10 ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.
26Senyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l plezi pou l tande pawòl moun ki san repwòch.
27Moun #Joz 6.18; 7.25; Pwo 1.19; 17.23 k'ap kouri dèyè lajan, se traka y'ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l ap viv lontan.
28Yon #1 Pyè 3.15 moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawòl.
29#Sòm 145.18,19; Jan 9.31 mechan yo ap lapriyè, Senyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l koute sa moun ki mache dwat yo ap di l.
30Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w'ap viv lè ou resevwa bòn nouvèl.
31Moun ki koute lè y'ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann.
32Moun #Pwo 8.33,36 ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men, moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis konprann.
33#Pwo 1.7; 18.12; 29.23 ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 15: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an