Pwovèb 16

16
Bondye kontwole lavi lèzòm
1Lèzòm fè lide nan kè yo. Men, dènye mo a #Mat 10.19 nan men Bondye.
2Lèzòm #Pwo 21.2; 24.12 mete nan lide yo tou sa yo fè bon. Men, pa bliye se Bondye k'ap jije sa ki nan kè yo.
3Mande #Sòm 37.5 Senyè a pou l beni tout travay w'ap fè, w'ap reyisi nan tou sa w'ap fè.
4Tou #Jòb 21.30; Wòm 9.22 sa Senyè a fè, li gen yon rezon ki fè l fè li. Menm mechan an, li kreye l pou l ka pini l.
5Senyè a #Pwo 11.21; Lik 16.15 pa ka sipòte moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Wè pa wè, l'ap fè yo peye sa.
6Si #Pwo 14.16; Da 4.27 ou pa janm vire do bay Bondye, si ou toujou kenbe pawòl ou, Bondye va padonnen peche ou yo. Lè yon moun gen krentif pou Bondye, l'ap evite fè sa ki mal.
7#Jen 26.28; 2 Kwo 17.10; 1 Pyè 3.13 yon moun ap viv yon jan ki fè Senyè a plezi, Senyè a ap fè ata lènmi l yo aji byen avè l.
8Pito #Pwo 15.16 ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal.
9Lèzòm #Pwo 19.21; 20.24; Jer 10.23 fè plan travay yo nan kè yo. Men, se Senyè a k'ap dirije sa y'ap fè a.
Travay yon wa
10#1 Wa 3.28 yon wa pale, se tankou si se te Bondye ki pale. Lè l'ap jije, li p'ap janm rann move jijman.
11Senyè a #Pwo 11.1 mande pou yo sèvi ak bon balans pou peze. Li pa vle pou yo sèvi ak move mezi nan kòmès.
12Wa #Pwo 29.14; Eza 16.5 yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste, #16.12: Wa yo pa ka sipòte lè moun ap fè mechanste: Osinon Moun pa ka tolere yon wa k'ap fè mechanste. paske tout fòs yon gouvènman se lè li defann dwa tout moun.
13Wa a #Pwo 22.11 kontan ak tout moun ki di verite. Li renmen moun ki pa nan bay manti.
14#Pwo 25.15 wa a move, atansyon, moun ka mouri! Moun ki gen bon konprann ap toujou chache fè kè wa a kontan.
15Lè wa a kontan, se lavi pou tout moun. Lè li bay yon moun favè l, se tankou yon nyaj ki pote yon bon lapli prentan.
16Pito #Pwo 8.10,11,19 ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan.
17Moun #Pwo 4.27 ki mache dwat fè chemen yo yon jan pou yo pa fè sa ki mal. Gade kote w'ap mete pye ou pou ou pa mouri mal.
18#Pwo 11.2 ou gen lanbisyon, yo pa lwen kraze ou. Lè w'ap fè awogans, ou pa lwen mouri.
19Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò.
20Moun #Sòm 2.12 k'ap repase nan tèt li tou sa yo moutre l va wè zafè l mache byen. Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a!
21Lè yon moun gen bon konprann, yo di li gen lespri. Lè ou byen pale, sa fè ou gen plis konesans.
22Moun #Pwo 10.11 ki gen bon konprann gen lavi. Men, moun sòt ap toujou sòt.
23Moun #Mat 12.34 ki gen bon konprann reflechi anvan li pale. Konsa pawòl li vin gen plis pèz.
24Bon #Sòm 19.10 pawòl se siwo myèl. Yo bon pou sante ou, yo dous pou nanm ou.
25Chemen #Pwo 14.12 ou kwè ki bon an, se li ki mennen ou tou dwat nan lanmò.
26Grangou #Ekl 6.7 fè ou travay rèd, paske ou bezwen manje pou ou mete nan bouch.
Travay mechan yo
27Mechan #Pwo 6.12,14; Jak 3.6 toujou ap chache jan pou li fè moun mal, ata pawòl nan bouch li boule kou dife.
28Ipokrit #Pwo 17.9; 26.20 toujou ap pouse dife. Moun k'ap fè tripotay mete zanmi dozado.
29Mechan an pran tèt kanmarad li, li fè l fè sa ki pa bon.
30Moun k'ap twenzi je yo sou moun, se moun ki gen move lide dèyè tèt yo. Moun k'ap fè siy sou moun, se moun ki sou move kou.
31Cheve #Pwo 20.29 blan se bèl rekonpans. Moun ki mache dwat va viv lontan.
32Pito #Pwo 14.29; 25.28 ou aji ak pasyans pase pou ou fè fòs sou moun. Pito ou konn kontwole tèt ou pase pou ou gwo chèf lame k'ap mache pran lavil.
33Moun #Pwo 29.26; Tra 1.26 tire kat pou yo konnen sa pou yo fè. Men, desizyon an se nan men Bondye li ye.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 16: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an