Pwovèb 14

14
1Bon konprann yon fanm fè kay li mache #Rit 4.11; Pwo 24.3 byen. Men, yon fanm sòt ap kraze kay li ak pwòp men li.
2Moun #Pwo 28.6 ki mache dwat, se yo ki gen krentif pou Senyè a. Men, moun k'ap mache kwochi pa pran Bondye pou anyen.
3Pawòl #Pwo 12.6; Jer 18.18 nan bouch moun san konprann, se fwèt pou dèyè yo. Men pawòl nan bouch moun ki gen bon konprann, se pwoteksyon yo.
4Kote ki pa gen bèf pou rale chari pa gen rekòt. Lè bèt ou anfòm w'ap fè bon rekòt.
5Yon #Egz 23.1; Pwo 6.19 bon temwen p'ap bay manti. Yon fo temwen p'ap di verite.
6Moun #Pwo 8.9; 24.7 ki gen lògèy plen kè yo, yo mèt chache konesans, yo p'ap janm jwenn li. Men, pou moun ki gen lespri, se bagay fasil.
7Pa pwoche bò kote moun san konprann. Se pa anba bouch yo w'ap pran anyen.
8Moun ki gen bon konprann konnen sa l'ap fè. Moun sòt mete nan tèt li li konnen, men se tèt li l'ap twonpe.
9Moun #Pwo 10.23 sòt pran peche sèvi jwèt. Men, moun k'ap mache dwat pare pou rekonèt tò yo.
10Lè ou nan lapenn, se ou ki konnen sa w'ap soufri. Konsa tou, lè kè ou kontan, pèsonn pa ka kontan avè ou.
11Fanmi #Pwo 15.25 mechan yo gen pou disparèt. Men, fanmi moun k'ap mache dwat yo gen pou devlope.
12Chemen #Pwo 16.25; Wòm 6.21 ou kwè ki bon an, se li ki mennen tou dwat nan lanmò.
13Ou #Ekl 2.2; Lik 6.25 mèt ap ri, kè ou ka nan lapenn. Apre kontantman, se kè sere.
14Moun #Pwo 1.31; 12.14; Eza 3.10 k'ap fè sa ki mal ap jwenn sa l'ap chache a. Konsa tou, moun k'ap fè byen an ap jwenn rekonpans li.
15Yon moun sòt ap kwè tou sa yo di l. Men, moun ki gen konprann veye kote l'ap mete pye l.
16Moun #Jòb 28.28; Pwo 3.7 ki gen bon konprann pran prekosyon yo, yo egzante malè. Moun sòt yo awogan, yo toujou konprann zafè yo bon.
17Lè yon moun gen san wo, l'ap toujou fè betiz. Men, moun ki kalkile anvan ap toujou rete kèpòpòz. #14.17: ap toujou rete kèpòpòz: Osinon fè moun rayi yo, dapre tèks ebre a.
18Moun san konprann aji tankou moun fou. Men, rekonpans moun ki gen lespri se konesans.
19Move #Jen 42.6 moun gen pou wete chapo devan bon moun. Moun mechan gen pou bese tèt devan moun k'ap mache dwat yo.
20#Pwo 19.4,7 ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi.
21Se #Sòm 41.1; Pwo 11.12 yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere!
22Lè w'ap chache fè sa ki mal, ou pèdi chemen ou. Men, lè w'ap chache fè sa ki byen, moun ap toujou renmen ou, yo p'ap janm lage ou.
23Travay, w'a jwenn tou sa ou bezwen. Rete chita ap pale anpil ap rann ou pòv.
24Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt.
25#Pwo 14.5 yon temwen di laverite, li sove lavi inonsan. Lè li bay manti, li twonpe jij yo.
26#Sòm 14.6; Pwo 1.33 yon moun gen krentif pou Bondye, li gen kote pou l apiye. Pitit li yo ap jwenn pwoteksyon bò kote Bondye.
27Gen #Pwo 13.14 krentif pou Bondye, w'a gen lavi. Ou p'ap tonbe lè lavi ou an danje.
28Tout #1 Wa 4.20 pouvwa yon wa, se lè peyi l'ap kòmande a gen anpil moun. Men, lè pa gen moun nan peyi a, wa a pa vo anyen.
29Moun #Pwo 15.18; 16.32; 19.11; Ekl 7.9; Jak 1.19 ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
30#Pwo 12.4 ou gen kè ou poze, ou kenbe kò ou an sante. Men, anvye sò lòt moun se tankou yon maladi k'ap manje ou nan zo.
31#Pwo 17.5; 22.2; Mat 25.40,45 w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye.
32Mechanste #Nonb 23.10; Jòb 19.25-27; Sòm 23.4 mechan an, se sa k'ap jete l atè. Men, moun ki fè sa ki byen, y'ap pwoteje l menm lè lavi l an danje.
33Moun ki gen konprann, se tout tan y'ap chache konnen. Men, moun sòt pa chache konnen anyen.
34Lè gen jistis nan yon peyi, sa leve peyi a. Men, peche lenjistis se yon wont pou yon nasyon.
35Wa a #Pwo 16.13; Mat 24.45-47 kontan lè moun k'ap travay avè l yo fè travay yo byen. Men, l'ap move sou moun k'ap fè travay yo mal.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 14: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an