Pwovèb 13

13
1Yon pitit gason ki gen bon konprann ap #1 Sam 2.25 koute lè papa l ap rale zòrèy li. Men, moun k'ap pase moun nan betiz p'ap janm koute lè y'ap fè l obsèvasyon pou korije l.
2Rekonpans #Pwo 12.14 yon moun chita sou sa li di ak bouch li. Men, moun ki ipokrit renmen fè mechanste.
3Veye #Pwo 18.7; 21.23 pawòl ki sòti nan bouch ou, w'a pwoteje lavi ou. Moun k'ap prese louvri bouch yo pale ap detwi pwòp tèt yo.
4Parese #Pwo 6.9-11 p'ap janm jwenn sa yo ta renmen genyen. Men, moun k'ap travay di ap jwenn tou sa yo ta renmen genyen.
5Moun k'ap mache dwat pa vle wè moun k'ap bay manti. Men, sa mechan yo ap fè a se yon wont, se yon dezònè pou tèt yo.
6#Pwo 11.3 ou toujou fè sa ki byen, lajistis ap pwoteje ou. Men, peche lakòz mechan yo disparèt.
7Gen #Pwo 11.24; Lik 12.21 moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin.
8 # 13.8: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa a vle di nan tèks ebre a. Yon moun rich sèvi ak lajan l pou l sove lavi l. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l.
9Moun #Jòb 18.5; 29.3 k'ap mache dwat yo tankou lanp k'ap klere byen klere. Men, mechan yo tankou yon lanp ki prèt pou mouri.
10Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann.
11Lajan #Pwo 20.21; 21.6 ou fè fasil pa lwen fini. Lajan ou fè nan di ap toujou fè pitit.
12#Pwo 3.18 ou pa jwenn sa ou t'ap tann lan, se bagay ki pou fè ou malad. Men, lè ou jwenn sa ou te anvi a, se lavi pou ou.
13#Nonb 15.31; 2 Kwo 36.16 ou pa respekte pawòl ki nan lalwa Bondye a, se dèt ou fè. Men, moun ki fè sa lalwa mande yo fè a ap jwenn rekonpans yo.
14Sa #Pwo 10.11; 14.27 moun ki gen bon konprann ap moutre a bay lavi. L'ap ede ou pou ou pa tonbe lè lavi ou an danje.
15Lè ou gen bon konprann, sa fè moun renmen ou. Men, lè moun pa ka fè ou konfyans, ou nan di.
16Tout #Pwo 15.2; 18.2; Ekl 10.3 moun ki gen konprann kalkile byen anvan yo fè yon bagay. Men, moun san konprann yo ap fè ou wè jan yo sòt.
17Yon #Pwo 25.13 move komisyonè ap mete moun nan ka. Men, yon komisyonè serye ap bay moun kè poze.
18Yon #Pwo 15.5,32 moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo.
19Ala bon sa bon lè ou jwenn sa ou te anvi a! Moun san konprann derefize kite move chemen yo pran an.
20Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm.
21Malè #Sòm 32.10; Lik 6.38 ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans.
22Yon #Jòb 27.16,17; Ekl 2.26 moun ki gen bon kè ap kite byen pou pitit pitit li. Men, richès moun k'ap fè sa ki mal, se moun ki mache dwat yo k'ap jwi li.
23Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l mouri grangou.
24Si #Pwo 19.18; 22.15 ou pè bat pitit gason ou, ou pa renmen l. Si ou renmen l, se pou ou korije l.
25Moun k'ap mache dwat toujou gen ase pou yo manje. Men, vant mechan yo pa janm plen.

Chwazi Kounye ya:

Pwovèb 13: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an