Jeremi 50

50
Lavil Babilòn tonbe
1Men mesay Senyè a te mete nan bouch pwofèt #Eza 13.1—14.27; Jer 51.59,60 Jeremi sou lavil Babilòn ak sou tout moun peyi a:
2— Bay #Eza 21.9; 46.1 tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l.
Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache.
Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont.
Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont.
Yo kraze tout vye bagay sa yo.
3Paske #Jer 1.14; 51.29,62 yon nasyon ap sòti nan nò, l'ap mache pran peyi a,
l'ap fè l tounen yon dezè.
P'ap gen pèsonn ladan l.
Bèt kou moun ap kouri met deyò.
Izrayèl ap tounen nan peyi l
4Men #Jer 3.18; 31.9; Oze 3.5 sa Senyè a di ankò:
— Jou sa yo, lè sa a, moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo ap vini ansanm. Y'ap mache, y'ap kriye, y'ap chache Senyè a, Bondye yo a. 5Y'ap #Eza 2.3; Jer 31.21; 32.40 mande chemen pou y'al mòn Siyon, y'ap pran chemen an ale. Yo pral siyen yon kontra ak Senyè a, yon kontra k'ap la pou tout tan, yon kontra yo p'ap janm bliye.
6Pèp #Eza 53.6; 65.10; Eze 34.6; Mat 18.12 mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo. 7Tout #Jer 14.8; 31.23; 40.2,3 moun ki jwenn yo sou wout yo tonbe sou yo. Lè konsa lènmi yo di: Se pa fòt nou! Se yo menm ki fè peche kont Senyè a ki te ka rann yo jistis, kont Senyè a ki te tout espwa zansèt yo.
8Nou #Eza 48.20; Jer 51.6,45 menm pèp Izrayèl la, kouri kite lavil Babilòn! Mete deyò nan peyi moun Kalde yo! Se nou menm ki pou pati an premye kite peyi a. 9Mwen #Jer 25.14 pral leve yon bann gwo nasyon bò nan nò, mwen pral fè yo mache pran lavil Babilòn. Yo pral pran pozisyon pou yo goumen avè l, yo pral kraze l. Sòlda yo, se moun ki gen anpil ladrès nan sèvi ak banza, yo pa janm manke sa y'ap vize a. 10Y'ap #Jer 25.12 piye lavil Babilòn. Wi, tout moun k'ap piye l yo ap pran pot ale jouk yo pa konn kote pou yo mete ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Lavil Babilòn tonbe
11Senyè a #Lam 1.21 di ankò:
— Nou menm moun lavil Babilòn ki te al piye pèp ki rele m pa m lan,
nou te kontan, nou t'ap fè fèt,
nou t'ap sote ponpe tankou ti gazèl lage nan savann,
nou t'ap ranni tankou jenn poulen.
12Men, #Jer 51.43 peyi nou an, lavil kote nou moun lan, pral wont.
Yo pral trennen yo nan labou.
Nan tout nasyon yo, Babilòn pral dèyè nèt.
L'ap tounen yon dezè, san dlo, san yon pyebwa.
13Paske Senyè a pral move sou li.
P'ap gen pèsonn rete nan lavil Babilòn lan.
Tout kay li yo ap tounen mazi.
Tout moun k'ap pase bò la pral sezi,
y'a mete men nan tèt lè y'a wè tout sa ki rive l.
14Nou #Jer 51.3,11 menm ki sèvi ak banza, ranje kò nou, sènen lavil Babilòn.
Tire sou li! Voye tout flèch nou yo sou li,
paske li fè peche kont Senyè a.
15Nou #Jer 46.10; 50.29; 51.6,11 tout ki sènen l yo, rele byen fò, mache pran li!
Lavil Babilòn rann tèt li.
Miray li yo tonbe, gwo poto l yo atè.
Se konsa m'ap tire revanj mwen.
Tire revanj nou sou li.
Fè l pase sa li te fè nou pase a.
16Pa #Eza 13.14; Jer 51.9 kite pèsonn pou plante jaden!
Pa kite pèsonn pou ranmase lè sezon rekòt rive!
Lè lagè a va pete,
tout moun lòt nasyon yo va chache chemen pa yo,
y'a kouri met deyò al lakay yo.
Izrayèl ap tounen nan peyi l
17Senyè a #2 Wa 17.6; 18.13; 24.10,14; 25.1-11; Jer 2.15; 51.34 di ankò:
— Pèp Izrayèl la te tankou mouton ki pèdi bann yo. Lyon gaye yo nan tout raje. Premye moun ki mete men sou yo se te wa peyi Lasiri a. Apre sa, se te Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, ki te kraze tout zo yo. 18Se #Eza 10.12 poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Mwen pral regle wa Babilòn lan ansanm ak tout peyi li a, menm jan mwen te regle wa peyi Lasiri a. 19Apre #Eze 34.13,14; Mi 7.14 sa, m'ap fè pèp Izrayèl la tounen nan peyi l. Y'a manje tou sa k'ap pouse sou mòn Kamèl ak nan zòn Bazan. Y'a manje plen vant yo tou sa y'a rekòlte sou mòn Efrayim yo ak nan peyi Galarad. 20Jou #Eza 40.2; Jer 31.34 sa yo, lè sa a, yo p'ap jwenn yon peche pou mete sou kont moun Izrayèl yo, ni yon mechanste pou mete sou kont moun Jida yo, paske m'ap padonnen tout moun m'a kite chape anba lanmò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Mesay sou Babilòn
21Senyè a di ankò:
— Mache pran peyi moun MiraTayim #50.21: Mira-Tayim: Se yon mo ebre ki vle di de fwa rebèl yo. yo! Atake moun peyi Pekòd #50.21: Pekòd: Se yon mo ebre ki vle di kote yo bay chatiman an. yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a! 22Nan #Jer 51.54 tout peyi a, se lagè k'ap fèt! Se kraze brize nèt ale! 23Lavil #Eza 14.6; Rev 18.19,21 Babilòn te tankou yon gwo mato ki t'ap kraze tout moun sou latè. Kounyeya, mato a chape, li tonbe, li kraze. Yo fini ak Babilòn. Yo fè l tounen yon dezè san moun ladan l nan mitan tout nasyon yo! 24Babilòn! #Jer 51.31; Da 5.30 Mwen te pare yon pèlen pou ou! Ou tonbe ladan l san ou pa konnen! Yo jwenn ou, yo mete men sou ou, paske ou te sòti pou goumen avè m. 25Senyè a #Eza 13.5 louvri depo zam li yo. Li fè kòlè, li mete yo deyò, paske mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, mwen gen yon travay pou m fè ak moun Babilòn yo. 26Sòti toupatou sou latè, vin atake l! Louvri tout depo pwovizyon l yo! Anpile tou sa nou jwenn, boule tout pou Senyè a. Pa kite anyen! 27Touye #Eza 34.7,8 tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive!
28Koute! #Sòm 64.9 Moun k'ap kouri chape kò yo, moun k'ap kouri kite lavil Babilòn lan, ap moute sou mòn Siyon, y'ap fè konnen jan Senyè a, Bondye nou an, ap tire revanj li pou sa moun Babilòn yo fè Tanp li a.
29Voye #Eza 47.10; Jer 25.14 chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pèsonn pa ka chape. Fè l peye tou sa li te fè. Fè l pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l te kenbe tèt ak Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 30Se #Jer 49.26 poutèt sa, yo pral touye tout jenn gason l yo nan tout lari. Jou sa a, yo pral disparèt tout sòlda li yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
31Moun Babilòn, nou awogan twòp! Mwen leve dèyè nou! Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Jou pa ou la rive, lè pou m pini ou lan rive sou ou. 32Peyi moun awogan sa yo pral tonbe. Pèsonn p'ap ka fè l kanpe ankò. M'ap mete dife nan tout lavil yo. Tout bagay alawonn pral boule.
33Wi, #Eza 14.17 men sa Senyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo. 34Men, #Eza 43.14; 51.22; Jer 51.36 moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Senyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.
35Men #Jer 51.57; Da 4.6; 5.30 sa Senyè a di ankò:
— Lanmò pou lavil Babilòn!
Lanmò pou tout moun ki rete ladan l!
Lanmò pou chèf li yo, pou moun save l yo!
36Lanmò pou divinò li yo!
Se yon bann egare yo ye.
Lanmò pou sòlda li yo!
Y'ap tranble, yo pa konn sa pou yo fè.
37Lanmò #Jer 51.30 pou chwal li yo!
Kraze tout cha lagè li yo.
Lanmò pou tout moun lòt nasyon k'ap fè djòb sòlda lakay yo!
Se pou yo tankou fanm san nanm.
Disparèt tout richès li yo.
Piye tout byen li yo.
38Chechrès #Jer 51.36,47,52 nan tout peyi a.
Se pou tout dlo rivyè yo cheche.
Babilòn se yon peyi zidòl,
k'ap fè moun pèdi tèt yo.
39Se #Eza 13.21,22 poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l ankò pou tout tan, jouk sa kaba. 40Sa #Jen 19.24,25 pral tankou gwo malè Bondye te voye sou lavil Sodòm ak lavil Gomò, malè ki te detwi yo ansanm ak tout ti bouk nan vwazinay yo. Pèsonn p'ap rete la, p'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Se mwen menm Senyè a wi ki di sa.
41Moun #Jer 6.22-24 ap sòti nan yon peyi bò nan nò.
Yon gwo pèp ak anpil chèf vanyan
sòti byen lwen, y'ap pare pou fè lagè.
42Yo pran banza ak frenn yo.
Yo mechan anpil, se yon bann san manman.
Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move.
Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.
43Wa Babilòn lan pran nouvèl la.
Li santi de bra l kase.
Li gen yon sèl kè sere, l'ap soufri
tankou yon fanm ki gen tranche.
44Tankou #Eza 14.24; Jer 49.19-21; 51.11,12,29 yon lyon k'ap sòti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Senyè a, m'ap vini. M'ap fè moun yo kouri kite peyi a, anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m? Ki moun ki ka koresponn avè m? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m? 45Konsa, koute sa mwen sòti pou m fè moun lavil Babilòn yo, sa mwen fè lide fè moun peyi Kalde yo: Sèten, ata timoun yo yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo. 46Lè lavil Babilòn tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo nan tout lòt nasyon yo.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 50: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte