1
Jeremi 50:34
1998 Haïtienne
Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Senyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.
Konpare
Eksplore Jeremi 50:34
2
Jeremi 50:6
Pèp mwen an te tankou mouton ki pèdi bann yo. Se gadò yo ki te lage yo, kifè yo gaye nan mòn yo. Y'ap mache pwonmennen nan tout mòn yo. Yo pèdi chemen kay yo.
Eksplore Jeremi 50:6
3
Jeremi 50:20
Jou sa yo, lè sa a, yo p'ap jwenn yon peche pou mete sou kont moun Izrayèl yo, ni yon mechanste pou mete sou kont moun Jida yo, paske m'ap padonnen tout moun m'a kite chape anba lanmò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Eksplore Jeremi 50:20
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo