Jeremi 49

49
Mesay sou peyi Amon
1Men sa Senyè a di sou moun peyi Amon #1 Wa 11.5,33; Eze 21.20; Am 1.13,14 yo:
— Gen lè pa gen gason ankò nan peyi Izrayèl la?
Pa gen moun pou defann tè zansèt yo a?
Poukisa yo kite se moun k'ap sèvi Milkòm #49.1: Milkòm: Se non sa a nou jwenn nan kèk ansyen vèsyon, men tèks ebre a menm bay: wa yo. yo
ki pran pòsyon tè fanmi Gad la pou yo?
Poukisa se moun Amon yo ki rete nan lavil yo?
2Se #Eze 21.20; Am 1.14 sa ki fè men jou a ap rive.
Se mwen menm Senyè a k'ap pale la a.
Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè.
Lavil la pral tounen yon pil wòch.
Yo pral boule ti bouk li yo ratè.
Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a.
3Nou #Jer 48.7 menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini!
Medam lavil Raba yo, mare ren nou!
Mete rad sak sou nou! Rele!
Pran lari pou nou!
Y'ap depòte Milkòm, bondye nou an,
ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo!
4Poukisa n'ap fè grandizè konsa?
Jan nou te kontan fon nou yo!
Men fon yo tonbe.
Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou.
Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou!
5Mwen pral fè yon sèl lapèrèz pran nou.
Se mwen menm sèl mèt la, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.
Mwen pral fè tout vwazen nou yo fè nou tranble.
Yo pral gaye nou. Chak moun pral kouri ale sou bò pa yo.
P'ap gen pèsonn pou fè yo sanble ankò.
6Men #Jer 48.47 apre sa, m'ap mete peyi Amon an kanpe ankò.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Mesay sou peyi Edon
7Men #Eza 34.5; Am 1.11; Abd 1.1-21 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di sou peyi Edon:
— Pa gen moun ki gen bon konprann ankò lavil Teman an?
Moun lespri yo pa konn sa pou yo di.
Yo pèdi tout konprann yo!
8Nou #Jer 46.21; 49.30 menm moun lavil Dedan, kouri ale!
Ale kache kò nou nan twou wòch!
Mwen pral fini ak moun Ezayi yo,
Paske lè pou m' regle ak yo a rive.
9Lè moun ap ranmase rekòt rezen,
yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo.
Lè vòlò antre lakay moun lannwit,
yo annik pran sa yo bezwen.
10Men #Jer 31.15; Mal 1.3 mwen menm, mwen pral kite moun Ezayi yo toutouni.
Mwen pral fè moun konnen tout kachèt li yo.
Konsa, nanpwen kache pou yo ankò.
Tout ras moun Edon yo, tout fanmi yo ak tout moun nan vwazinay yo pral disparèt.
11Pa gen pèsonn k'ap rete pou di: #49.11: Pa gen pèsonn k'ap rete pou di: Osinon Li menm, l'ap disparèt tou. Tout jan, tèks ebre a pa klè.
Kite timoun ki san papa yo avè m.
M'a okipe yo.
Vèv nou yo mèt konte sou mwen.
12Men #Jer 25.28,29 sa Senyè a di ankò:
— Ata moun ki pa merite pou m pini yo
pral gen pou yo bwè gode chatiman an nèt ale.
Se nou menm atò pou yo pa ta pini! Non.
Yo p'ap pini nou? Se pou nou bwè nan gode chatiman an tou.
13Se #Eza 63.1; Jer 22.5; 24.9 mwen menm Senyè a k'ap pale:
Mwen sèmante
m'ap fè Bozra tounen yon dezè, yon vye pil mazi.
Moun ap pase l nan betiz, y'ap sèvi ak non l pou bay madichon.
Tout ti bouk nan vwazinay li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.
14Jeremi #Eza 13.4 di ankò:
— Mwen te tande mesay Senyè a bay la.
Li te voye mesaje nan tout nasyon yo
pou di yo sanble tout lame yo
pou yo mache pran Edon,
pou y'al goumen avè l.
15Senyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo.
Pèsonn p'ap respekte nou.
16Se awogans #49.16: Se awogans: Nan tèks ebre a mo sa a pa klè. ou ki fè ou pèdi tèt ou.
Pa gen moun ki pè ou jan ou kwè l la.
Ou rete sou tèt gwo wòch yo, byen wo nan mòn yo.
Ou te mèt bati kay ou byen wo tankou nich malfini,
m'ap fè ou desann.
Se Senyè a menm ki di sa.
17Senyè a #Eze 35.3,7,9 di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè. 18Gwo #Det 29.23; Eza 13.19 malè sa ki te rive lavil Sodòm ak Gomò ansanm ak tout ti bouk nan vwazinay yo, se malè sa a k'ap rive Edon tou. P'ap gen yon moun nan peyi a ankò. Pèsonn p'ap rete la. Se mwen menm Senyè a ki di sa. 19Tankou #Jer 50.44-46; Jer 4.7; 10.6; 30.21; 50.44-46 yon lyon k'ap sòti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Senyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m? Ki moun ki ka koresponn avè m? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m? 20Konsa, koute sa mwen sòti pou m fè moun Edon yo, sa mwen fè lide fè moun lavil Teman yo. Sèten, ata timoun yo, yo pral trennen pot ale. Yo pral devaste tout peyi a devan je yo. 21#Jer 50.46; Eze 26.15 peyi Edon an tonbe, l'ap fè yon kokennchenn bri, latè ap tranble. Y'ap tande rèl moun yo jouk bò lanmè Wozo yo. 22Tankou malfini k'ap vole ak zèl yo tou louvri, lènmi pral atake Bozra. Jou sa yo, vanyan sòlda peyi Edon pral anba kè sere tankou fanm tranche pran li.
Mesay sou peyi Damas
23 # 49.23: Nan tèks ebre a fen vèsè a pa klè. Men #Eza 17.1; Am 1.3 sa Senyè a di sou peyi Damas:
— Moun lavil Amat ak moun lavil Apad yo gen kè kase
paske yo tande move nouvèl.
Yo ajite tankou lanmè, Yo pa ka rete anplas.
24Moun #Jer 46.5 Damas yo fèb, yo kouri met deyò.
Yo pè, yon sèl tranbleman pran yo.
Yo nan lapenn, yo gen kè kase tankou fanm ki gen tranche.
25Gade lavil tout moun te konnen an,
lavil kote tout moun te gen kè kontan an! #49.25: lavil kote tout moun te gen kè kontan an: Osinon lavil ki te konn fè kè m kontan an.
Pa gen yon moun ladan l.
26Jou #Jer 50.30 sa a, y'ap touye jenn gason nou yo nan tout lari.
Tout sòlda yo pral mouri.
Se Senyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
27M'ap #1 Wa 20.1; Jer 17.27 mete dife nan miray Damas yo.
Dife a ap boule palè wa Bennadad la.
Mesay sou Keda ak Azò
28Moun #Jij 6.3; Eza 11.14; 21.16; Eze 25.4,10 branch fanmi Keda yo ak chèf lavil Azò yo te pèdi batay la devan Nebikadneza, wa Babilòn lan. Men mesay Senyè a bay sou yo:
— Leve non! Ann mache pran Keda!
Piye moun bò solèy leve yo.
29Pran #Sòm 120.5; Kan 1.5; Jer 6.25 tant yo, kabrit yo, mouton yo,
rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo.
Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo:
Kote ou pase tout moun pè.
30Nou menm moun lavil Azò, kouri met deyò,
al kache kò nou nan twou!
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Paske Nebikadneza, wa Babilòn lan, fè lide pou l kraze nou.
Li sòti pou l fini ak nou.
31Men #Eze 38.8,11 sa Senyè a di ankò: Leve non!
Ann al atake yon nasyon ki santi yo te alèz san okenn danje sou tèt yo!
Pa gen pòtay nan lavil yo, ni ba fè pou fèmen yo.
Yo la konsa san okenn pwoteksyon.
32Yo #Jer 9.26; Eze 38.12 pral pran tout chamo yo,
yo pral separe tout kabrit yo ak mouton yo.
Wi, m'ap gaye yo nan tout direksyon,
bann moun ak cheve kout sa yo.
Kote yo pase, m'ap fè malè tonbe sou yo.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
33M'ap #Jer 9.11 fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan,
kote bèt nan bwa rete.
Pèsonn p'ap rete ladan l ankò.
Okenn moun p'ap viv la.
Mesay sou peyi Elam
34Men #2 Wa 24.17,18; Eze 32.24; Da 8.2 mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi sou peyi Elam. Lè sa a, Sedesyas te fenk moute wa nan peyi Jida. 35Men #Eza 22.6 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di:
— Mwen pral touye tout sòlda peyi Elam
ki gen ladrès pou sèvi ak banza yo.
Se yo menm ki te fè tout fòs peyi a.
36M'ap fè van leve nan tout direksyon pou soufle sou peyi Elam lan.
M'ap gaye yo nan tout direksyon sou latè.
M'ap mete tout moun li yo deyò.
P'ap gen peyi sou latè kote ou p'ap jwenn yo.
37M'ap fè moun Elam yo tranble devan lènmi yo,
devan moun ki sòti pou touye yo.
M'ap fè gwo kòlè, m'ap voye gwo malè sou yo,
m'ap lage yon gwo lame dèyè yo jouk m'a fini nèt ak yo.
38M'ap disparèt wa yo a ansanm ak tout lòt chèf yo.
Se la m'ap mete fòtèy mwen an.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
39Men, #Jer 48.47 nan jou k'ap vini apre sa yo,
m'ap mete peyi Elam lan kanpe ankò.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 49: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an