Jeremi 51

51
Mesay sou Babilòn
1Senyè a di konsa:
— Mwen #Eza 21.1 pral fè yon gwo van soufle sou lavil Babilòn pou detwi l ansanm ak tout moun li yo. 2Wi, #Jer 15.7; Mat 3.12 m'ap voye etranje nan peyi a. Y'ap gaye l tankou van k'ap bwote pay chèch, y'ap ravaje peyi a. Lè jou malè sa a va rive, y'ap sòti toupatou vin tonbe sou li. 3Pa bay sòlda yo chans pou yo tire banza yo, ni pou yo mete rad batay yo sou yo. Pa kite jenn gason yo chape. Touye tout lame a pou Bondye. 4Nan tout Babilòn, moun ap tonbe mouri. Nan tout lari, flèch ap pèse yo pakanpak. 5Paske #Eza 54.5-7 mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida yo, mwen pa lage yo, atout yo koupab devan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 6Kouri #Jen 19.15 kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m tire revanj mwen. M'ap pini l pou sa li fè m lan. 7Babilòn #Sòm 75.8; Jer 25.15,16; Rev 14.8; 17.4 te tankou yon gode lò nan men mwen. Li t'ap mache soule tout nasyon sou latè. Yo bwè nan bwason li a, y'ap depale. 8Men #Eza 21.9; Rev 18.2,9,11,19 Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l yo. Nou pa janm konnen, li ka geri. 9Etranje #Eza 13.14; Rev 18.4,5 k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nyaj yo.
10Pèp #Sòm 37.6 Izrayèl la di: Senyè a fè wè kòz nou an bon, li ban nou jistis. Ann al rakonte moun lavil Jerizalèm yo sa Senyè a, Bondye nou an, fè.
11Bondye #Eza 13.17; Jer 46.4; Da 5.31 moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi Tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch! 12Leve #Na 2.1 drapo a! Bay siyal pou yo atake miray Babilòn yo! Double faksyonè yo! Mete sòlda ap veye. Pare anbiskad pou yo.
Senyè a fè plan li, li fè sa li te di l'ap fè moun Babilòn yo. 13Nou #Rev 17.1,15 menm ki rete nan peyi ki gen anpil rivyè a, nou menm ki gen anpil richès, men nou rive mezi bout nou! Nou fè kont nou kounyeya. 14Senyè #Sòm 105.34; Jer 22.5; Jowèl 1.4 ki gen tout pouvwa a fè sèman sou tèt li: li pral mennen anpil moun vin atake Babilòn, y'ap tankou yon bann krikèt. Yo pral rele, yo pral chante dèske yo kraze ou.
Lwanj pou Bondye
(Jeremi 10.12-16)
15Senyè a #Jer 10.12-16 te fè latè ak fòs pouvwa li.
Li kreye dènye bagay ak bon konprann li.
Avèk entelijans li, li louvri syèl la anwo latè.
16Li pase lòd, epi dlo ki anwo syèl la pran gwonde.
Li fè gwo nyaj yo moute sòti toupatou.
Li fè zèklè yo klere pou fè lapli vini.
Li fè van yo sòti kote li te sere yo.
17Lè konsa tout moun rete egare, yo pa konprann anyen.
Moun k'ap fè zidòl yo wont sa yo fè a,
paske bondye yo fè yo se fo bondye, yo pa gen lavi nan yo.
18Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz.
Y'ap disparèt lè Senyè a ap vin regle ak yo.
19Men, Bondye Jakòb la pa tankou yo.
Se li menm ki fè tout bagay.
Li chwazi pèp Izrayèl la pou rele l pa l.
Senyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l.
Babilòn, mato nan men Bondye
20Senyè a #Da 7.7,19,23 di ankò:
— Babilòn, ou te yon gwo mato nan men mwen, yon zam pou m fè lagè.
Se avè ou mwen te kraze nasyon yo.
Se avè ou mwen te kraze peyi wa yo.
21Se avè ou mwen te kraze chwal yo ak tout kavalye yo.
Se avè ou mwen te kraze cha lagè yo
ak tout moun ki t'ap mennen yo.
22Se #2 Kwo 36.17; Eza 13.16,18 avè ou mwen te kraze fanm kou gason,
granmoun kou timoun,
jenn gason kou jenn fi.
23Se avè ou mwen te touye bann mouton yo ak tout gadò yo.
Se avè ou mwen te kraze kiltivatè yo
ansanm ak tout chwal pou raboure latè.
Se avè ou mwen te kraze tout chèf yo
ak tout majistra yo.
Chatiman lavil Babilòn
24Senyè a #Sòm 137.8 di ankò:
— Devan je nou tout, m'ap fè lavil Babilòn ansanm ak tout pèp li a peye tout mechanste li te fè lavil Jerizalèm yo. 25Babilòn, #Rev 8.8; 18.8,9 ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a sòti. Kounyeya, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann sòti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife. 26Yo #Jer 25.12 p'ap pran yon wòch nan ou ni pou fè fondasyon, ni pou fè kwen kay. Ou pral tounen yon dezè pou tout tan. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
27Bay #2 Wa 19.37; Jer 4.5; 25.14; 50.41; Na 3.17 siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y'al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y'al atake l. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt. 28Pare #Jer 34.1 tout nasyon yo pou y'al fè lagè ak Babilòn. Voye chache wa yo k'ap gouvènen nan peyi Medi a, ansanm ak tout prefè yo, tout majistra yo, tout lame nan peyi ki sou kontwol yo. 29Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Senyè a rive pou l fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pèsonn ankò. 30Sòlda #Eza 19.16; 47.14; Na 3.13 lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi kouraj yo. Yo tankou fanm san nanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo. 31Mesaje #2 Kwo 30.6 sou mesaje ap kouri bridsoukou al di wa Babilòn nan lènmi anvayi lavil la nèt. 32Yo bloke tout chemen yo, yo mete dife nan tout avanpòs yo, sòlda yo gaye. 33Wi, #Eza 17.5; 21.10; Jowèl 3.13; Rev 14.15 men mesay Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi.
34Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te devore lavil Jerizalèm,
li manje l nèt ale.
Li kite peyi a vid tankou yon plat yo niche.
Tankou yon gwo bèt lanmè, li vale m.
Li souse tout mwèl mwen.
Lèfini, li voye rès la jete.
35Moun ki rete sou mòn Siyon yo di:
Se pou lavil Babilòn peye
tout lapenn ak mechanste li fè nou.
Moun lavil Jerizalèm yo te mèt di:
Se pou moun peyi Kalde yo peye
pou tout san nou yo fè koule a.
Senyè a ap delivre Izrayèl
36Se konsa Senyè a pale ak moun Jerizalèm yo, li di yo: Se mwen menm k'ap pran kòz nou nan men. Mwen pran sou kont mwen pou m fè yo peye sa yo fè nou. M'ap fè sous dlo lavil Babilòn yo cheche. P'ap gen yon tak dlo nan rivyè l yo. 37Lavil #Eza 13.22; 25.2 Babilòn ap tounen yon pil mazi kote bèt nan bwa rete, yon dezè kote pèsonn pa rete. Tout moun k'ap wè sa pral sezi, y'a mete men nan tèt. 38Moun #Am 3.4; Na 2.11,12 Babilòn yo ap gwonde tankou lyon, y'ap grinyen dan yo tankou jenn lyon. 39Lè y'a fin chofe kont yo, mwen menm m'ap pare yon fèt pou yo. M'ap fè yo sou, m'ap fè kè yo kontan. Lèfini, yo pral dòmi yon dòmi ki p'ap janm fini, yo p'ap janm leve ankò. 40M'ap fè mennen yo labatwa tankou yo mennen mouton, belye mouton ak bouk kabrit yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Pwofèt la plenn sò lavil Babilòn
41Senyè a #Eza 13.19; Jer 25.26 di konsa:
— Gade! Yo pran lavil Babilòn. Yo mete men sou li, lavil ki te yon lwanj nan bouch tout moun lan. Yo fè l tounen yon dezè nan mitan nasyon yo. 42Lanmè #Eza 8.7,8 moute anvayi lavil Babilòn. Lanm lanmè yo move, yo kouvri lavil la. 43Tout ti bouk li yo tounen dezè tou, pa gen yon tak dlo ladan yo. Se raje toupatou. Pa gen pesonn la ankò. Pesonn pa pase nonplis la ankò. 44M'ap #Esd 1.7,8; Eza 46.1; Jer 31.12 regle Bèl, bondye Babilòn lan, m'ap fè l rann tou sa li te vale a. Nasyon yo p'ap kouri vin nan pye l ankò.
Miray lavil Babilòn yo tonbe. 45Nou menm moun pèp Izrayèl yo, kouri wete kò nou la! Chape kò nou pou nou pa pase tou, paske Senyè a move anpil sou lavil Babilòn. 46Pa #Eza 37.7; Mat 24.6,7 dekouraje. Pa kite bri k'ap kouri nan peyi a fè nou pè. Chak ane, yo fè kouri yon kalite bri. Yon lè, yo di se chèf k'ap goumen ak chèf pou pouvwa. 47Men jou yo rive pou m regle ak vye zidòl Babilòn yo. Tout peyi a pral wont. Yo pral touye dènye moun ladan l. 48Tout #Rev 18.20 bagay nan syèl la ak sou latè a pral kontan, yo pral rele lè moun k'ap sòti bò nan nò yo va vin ravaje lavil Babilòn. Se Senyè a menm ki di sa.
49Babilòn te lakòz anpil moun mouri toupatou sou latè.
Kounyeya se Babilòn ki pral tonbe,
paske li te touye anpil moun nan pèp Izrayèl la.
Mesay pou moun Izrayèl ki Babilòn
50Senyè a #Jer 44.28 pale ak moun pèp Izrayèl yo ki lavil Babilòn. Li di yo konsa:
— Nou menm ki te chape anba lanmò, ale, pa rete!
Nou te mèt byen lwen lakay nou,
mete lide nou sou mwen, chonje lavil Jerizalèm!
51Nou #Sòm 44.15,16; Lam 1.10 di: nou te wont lè nou tande jan yo t'ap joure nou.
Lawont fè nou bouche figi nou,
paske moun lòt nasyon yo te mete pye yo
nan kote ki apa nèt pou Senyè a nan Tanp lan.
52Enben, #Eze 26.15 men sa Senyè a di ankò:
Lè a rive, mwen pral regle avèk zidòl lavil Babilòn yo.
Nan tout peyi a moun blese yo pral plenn.
53Menm #Eza 14.13; Jer 49.16 si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran,
moun m'ap voye dèyè l yo ap jwenn li, y'ap kraze l.
Se mwen menm Senyè a ki di sa.
Yon lòt mesay sou Babilòn
54Senyè a di ankò:
— Yon sèl rèl pete lavil Babilòn.
Bri kouri yon gwo malè tonbe sou tout peyi a.
55Se mwen menm Senyè a k'ap detwi lavil Babilòn.
Mwen fè l pe bouch li.
Menm si lavil Babilòn t'ap fè bri tankou lanmè lè li move,
m'ap fè l sispann rele.
56Wi, #Eza 59.18 lènmi ap vin detwi lavil Babilòn.
Y'ap mete men sou sòlda li yo.
L'ap kraze tout banza yo.
Mwen menm, Senyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal.
M'ap fè yo peye pou sa yo fè.
57M'ap soule chèf li yo, moun save ak majistra li yo,
chèf lame ak sòlda li yo.
Yo pral dòmi nèt ale, yo p'ap janm leve.
Se mwen menm wa a ki pale,
mwen menm yo rele Senyè ki gen tout pouvwa a.
58Men #Aba 2.13 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò:
— Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè.
Yo boule gwo pòtay byen wo li yo.
Pèp yo te travay pou gremesi.
Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.
Mesay Jeremi voye Babilòn
59Sedesyas, #Jer 28.1; 32.12—51.58 wa peyi Jida a, te gen yon chèf yo te rele Seraja ki te reskonsab kay wa a. Se te pitit Nerija, pitit pitit Maseja. Wa a te gen katran depi li t'ap gouvènen peyi a lè li pati pou Babilòn ansanm ak Seraja. Men lòd pwofèt Jeremi te bay Seraja. 60Jeremi #Jer 36.2; 50.1 te ekri nan yon liv tout malè ki gen pou tonbe sou lavil Babilòn ansanm ak tout lòt bagay li te di sou lavil la. 61Jeremi di Seraja konsa:
— Lè w'a rive lavil Babilòn, pa bliye se pou ou li tou sa ki ekri nan liv la. 62Apre sa w'a di: Senyè! Ou te di ou gen pou detwi peyi sa a pou pa gen yon sèl moun ni yon sèl bèt rete ladan l ankò. Ou te di peyi a gen pou tounen yon dezè pou tout tan! 63#Jer 19.10,11; Rev 18.21 w'a fin li liv sa a, w'a mare l sou yon wòch, w'a voye l jete nan mitan larivyè Lefrat. 64Apre sa, w'a di: Se konsa lavil Babilòn lan pral koule, li p'ap janm ka leve ankò apre malè mwen menm Senyè a, mwen pral voye sou li a. #51.64: sou li a: Nan tèks ebre a, apre mo sa yo, yo bay: Yo tout pral bouke.
Se isit la pawòl pwofèt Jeremi yo fini.

Chwazi Kounye ya:

Jeremi 51: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte