Ezekyèl 3

3
1Bondye di m konsa:
— Nonm #Eze 2.8,9 o! Manje sa m ba ou la a. Manje woulo liv la. Apre sa, al pale ak moun pèp Izrayèl yo.
2Se konsa, mwen louvri bouch mwen, li fè m manje woulo liv la. 3Li #Jer 15.16; Rev 10.9,10 di m ankò.
— Nonm o! Manje non, plen vant ou ak liv mwen ba ou a.
Mwen manje l, li te dous nan bouch mwen kou siwo myèl. 4Lèfini, Bondye di mwen ankò:
— Ras Adan! Ale kote moun Izrayèl yo! Di yo tout pawòl mwen di ou yo. 5Se pa bò kote yon nasyon ki pale yon lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Se bò kote moun pèp Izrayèl yo menm mwen voye ou. 6Se pa bò kote bann moun lòt nasyon yo ki pale lòt lang ki difisil pou ou konprann mwen voye ou. Si se te bò kote moun sa yo m te voye ou, yo ta koute ou. 7Men, #Eze 2.4; Jan 15.20 pa gen pyès moun nan pèp Izrayèl la k'ap vle koute ou, paske yo pa vle koute m. Tout moun pèp Izrayèl yo gen tèt di ak move santiman nan kè yo. 8Kounyeya, m'ap fè ou kenbe tèt ak yo tankou yo kenbe tèt ak mwen an, pou ou ka koresponn ak yo. 9M'ap #Eza 50.7; Eze 2.6 ba ou fyèl pou kenbe tèt ak yo. Pa pè yo, pa tranble devan yo. Se yon ras moun tèt di yo ye.
10Bondye di ankò:
— Ras Adan! Louvri zòrèy ou. Tande sa m'a pral di ou. Kenbe pawòl mwen yo nan kè ou. 11Apre #Eze 2.4,5 sa, ale bò kote moun yo te depòte yo, moun menm peyi avè ou yo. W'a pale ak yo, w'a di yo men sa mwen menm, Senyè a, m voye di yo. Yo te mèt koute ou, yo te mèt pa koute ou, zafè yo!
12Apre #1 Wa 18.12; Eze 8.3; Tra 8.39 sa, Lespri a pran m', li leve m' anlè. Epi m'tande vwa yon foultitid moun dèyè mwen k'ap di: Beniswa Letènèl! Li fè wè gwo pouvwa li nan syèl kote li rete a!. 13Mwen #Eze 1.24 tande bri zèl bèt yo ki t'ap bat ansanm ak bri wou yo, ou ta di bri yon foul moun k'ap rele. 14Lespri a #Eze 1.3 te leve m anlè, li pote m ale. Pouvwa Senyè a te vin chita sou mwen avèk fòs. Men, mwen te boulvèse, kè m te sere. 15Se #Jòb 2.13; Sòm 137.1 konsa mwen rive lavil Tèl-Abid toupre larivyè Keba kote moun yo te depòte yo te rete a. Pandan sèt jou, mwen rete la nan mitan yo, tou dekontwole apre tou sa m te wè ak tou sa m te tande.
Senyè a mete Ezekyèl fè faksyonè
(Ezekyèl 33.1-9)
16Apre sèt jou sa yo, Senyè a pale avè m, li di m konsa:
17— Nonm #Eze 33.7 o! Mwen mete ou faksyonè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesay m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen. 18#Eze 14.14; 33.8,9; 1 Tim 4.16 mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l mouri, si ou pa avèti l pou l chanje, pou l kite move pant l'ap swiv la pou l ka sove lavi l, l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. 19Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou. 20Si #Jer 6.21; Eze 18.24; 33.18 yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l mouri. Si ou pa avèti l, l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li. 21Si okontrè, ou avèti yon moun k'ap mache dwat pou l pa fè sa ki mal, si li koute ou, si li pa fè sa ki mal, li p'ap mouri. Ou menm tou, w'a sove lavi ou.
Bondye pral fè Ezekyèl bèbè.
22Mwen santi pouvwa Senyè a sou mwen ankò. Li di m konsa:
— Leve non. Sòti al nan fon an. M'a pale la avè ou.
23Mwen #Eze 1.1,28 leve, mwen desann al nan fon an. Lè m rive la, mwen wè gwo bèl limyè ki te fè m konprann Senyè a te kanpe la, tankou mwen te wè l bò larivyè Keba a. Mwen tonbe sou de jenou m, tèt mwen bese jouk atè. 24Men, #Eze 2.2 Lespri Bondye a antre sou mwen, li fè m kanpe sou de pye m. Li pale avè m, li di m konsa:
— Al fèmen kò ou lakay ou. 25Nonm #Eze 4.8 o! Yo pral mete ou anba kòd. Y'ap mare ou byen mare, ou p'ap ka mete pwent pye ou deyò. 26Mwen #Eze 2.5,6; Lik 1.20-22 pral fè lang ou lou nan bouch ou. W'ap bèbè, ou p'ap ka avèti move ras moun tèt di sa yo. 27Apre #Eze 3.11; 24.27; Rev 22.11 sa, lè m'a pale avè ou ankò, m'a ba ou lapawòl, epi w'a ba yo mesay mwen menm, Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, m'a ba ou. Sa ki vle koute va koute, sa ki pa vle koute, zafè yo! Se yon move ras moun tèt di yo ye.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 3: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte