Ezekyèl 2

2
1Li di mwen konsa:
— Ras Adan, #Da 8.17; 10.11 leve kanpe non! Paske mwen pral pale ak ou.
2Fini #Eze 3.24 li fin pale ak mwen, se konsa Lespri antre nan mwen mete m' sou de pye m'. Epi mwen tande vwa a pran pale ankò. 3Li #Jer 3.25 di m':
— Ras Adan! M'ap voye ou kote moun Izrayèl yo. Se yon bann moun ki pa vle koute m'. Yo vire do ban mwen. Jouk koulyeya, y'ap kenbe tèt avè m' tankou zansèt yo te fè li tan lontan. 4Tèt #Eze 3.7 yo di, yo gen move santiman. Men se kote moun sa yo m'ap voye ou pou di yo: men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, voye di yo. 5Mwen #Eze 3.11; 33.33 konnen se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. Kit yo koute ou, kit yo pa koute ou, zafè yo! Men y'a konnen te gen yon pwofèt nan mitan yo.
6Men #Jer 1.8; Eze 3.9; Mi 7.4; 1 Pyè 3.14 ou menm, nonm o! ou pa bezwen pè yo, ni ou pa bezwen pè sa y'ap di. Y'ap tizonnen ou, y'ap pase ou nan betiz. W'ap tankou yon moun k'ap mache nan yon jaden pikan, tankou yon moun ki chita sou yon nich flanman. Men, ou pa bezwen kite yo kraponnen ou ak sa y'ap di, ou pa bezwen pè yo. Se yon move ras moun yo ye, tèt yo di. 7Kit yo vle tande ou, kit yo pa vle koute ou, zafè! Chonje se yon ras moun tèt di yo ye.
8Nonm #Rev 10.9 o! Koute sa m pral di ou la a. Pa fè tèt di tankou move ras moun sa yo. Louvri bouch ou, manje sa m pral ba ou la a.
9M gade, #Eze 8.3; Da 10.10; Rev 10.2 mwen wè yon men lonje sou mwen. Li te kenbe yon woulo liv tou fèmen. 10Li #Rev 5.1 louvri liv la devan je m, mwen wè li te ekri sou tou de bò l yo. Li te plen pawòl moun di lè y'ap plenn sò yo, lè yo nan gwo lapenn, lè y'ap soufri anpil.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 2: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte