1
Ezekyèl 3:18
1998 Haïtienne
Lè mwen fè ou konnen yon mechan gen pou l mouri, si ou pa avèti l pou l chanje, pou l kite move pant l'ap swiv la pou l ka sove lavi l, l'ap toujou mouri poutèt peche li fè yo, men se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.
Konpare
Eksplore Ezekyèl 3:18
2
Ezekyèl 3:19
Men, si ou avèti mechan an, lèfini mechan an pa chanje, li pa kite move pant l'ap swiv la, l'ap mouri poutèt peche li fè yo. Men ou menm, w'ap sove lavi pa ou.
Eksplore Ezekyèl 3:19
3
Ezekyèl 3:17
— Nonm o! Mwen mete ou faksyonè pou nasyon Izrayèl la. W'a tande mesay m'a ba ou, w'a avèti yo pou mwen.
Eksplore Ezekyèl 3:17
4
Ezekyèl 3:20
Si yon moun ki t'ap mache dwat tanmen fè sa ki mal, m'ap mete yon malè sou wout li pou l mouri. Si ou pa avèti l, l'ap mouri poutèt peche li fè yo, mwen p'ap chonje jan l te konn mache dwat anvan sa a. Men, se ou menm m'ap rann reskonsab lanmò li.
Eksplore Ezekyèl 3:20
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo