1
Ezekyèl 4:4-5
1998 Haïtienne
Lèfini, kouche sou bò gòch ou. W'a pran tout peche moun Izrayèl yo sou ou. W'ap rete kouche konsa pandan tout tan w'ap pote chay peche yo a. Mwen deside pou yo pase twasankadrevenndizan (390 an) ap peye pou peche yo. Konsa, m'ap fè ou pase twasankatrevenndi (390) jou ap pote chay peche moun peyi Izrayèl yo, yon jou pou chak lanne.
Konpare
Eksplore Ezekyèl 4:4-5
2
Ezekyèl 4:6
Apre sa, w'a vire kouche sou bò dwat ou. W'a pote chay peche moun peyi Jida yo pandan karant jou, yon jou pou chak lanne chatiman yo.
Eksplore Ezekyèl 4:6
3
Ezekyèl 4:9
Bon, kounyeya ou pral pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak ble mòn, w'a mete yo ansanm nan yon sèl veso. W'a fè pen ak yo. Pandan tout twasankatrevenndi (390) jou w'ap pase kouche sou bò gòch ou a, se sa ase w'a manje.
Eksplore Ezekyèl 4:9
Akèy
Bib
Plan yo
Videyo