Ezekyèl 4

4
Men sa ki pral rive lavil Jerizalèm
1Bondye di mwen ankò:
— Ras Adan! Pran yon brik. Mete li devan ou. Trase plan lavil Jerizalèm sou li. 2Apre #2 Wa 25.1; Eze 21.22 sa, w'a moutre jan lènmi pral sènen lavil la: W'a fouye yon kannal pou sòlda yo kache, w'a mete ranble nan pye miray li yo, w'a mete anplasman kan sòlda yo, w'a mete gwo poto pou defonse pòtay yo sou tout bò lavil la.
3Pran #Eza 8.18; 29.3; Eze 12.6; 21.2 yon pwelon fè, mete l kanpe tankou yon miray ant ou menm ak lavil la. Bay lavil la fas. Lavil la sènen toupatou. Se ou menm ki sènen l. Se va yon siy pou moun pèp Izrayèl yo.
4Lèfini, kouche sou bò gòch ou. W'a pran tout peche moun Izrayèl yo sou ou. W'ap rete kouche konsa pandan tout tan w'ap pote chay peche yo a. 5Mwen #Nonb 14.34; Eze 23.4,5,9,10 deside pou yo pase twasankadrevenndizan (390 an) ap peye pou peche yo. Konsa, m'ap fè ou pase twasankatrevenndi (390) jou ap pote chay peche moun peyi Izrayèl yo, yon jou pou chak lanne. 6Apre #Eze 23.11,12 sa, w'a vire kouche sou bò dwat ou. W'a pote chay peche moun peyi Jida yo pandan karant jou, yon jou pou chak lanne chatiman yo.
7Vire tèt ou, gade lavil Jerizalèm yo sènen an. Lonje dwèt ou sou li. Di sa ki pral rive l. 8M'ap #2 Wa 25.1-3; Eze 3.25 mare ou byen mare, konsa ou p'ap ka vire chanje bò toutotan tout jou pou yo sènen lavil la poko fin pase.
9Bon, kounyeya ou pral pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak ble mòn, w'a mete yo ansanm nan yon sèl veso. W'a fè pen ak yo. Pandan tout twasankatrevenndi (390) jou w'ap pase kouche sou bò gòch ou a, se sa ase w'a manje. 10W'a pran yon moso pen ki peze yon demi (12) liv pou ou manje chak jou. Se sa ase pou ou manje chak jou. 11Ou p'ap gen anpil dlo pou ou bwè. W'a pran yon lit dlo konsa chak jou. 12W'a pran okabinen moun, w'a fè dife pou kwit pen, la devan tout moun, pou manje.
13Senyè a #Da 1.8; Oze 9.3 te di ankò:
— Se konsa moun pèp Izrayèl yo pral manje manje lalwa defann yo manje, #4.13: manje lalwa defann yo manje: Nan Liv Prensip lavi nan Bondye (Levitik), chapit 11, yo bay lis manje moun pèp Izrayèl yo pa gendwa manje si yo toujou vle rete nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. lè m'a gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.
14#Egz 22.31; Lev 7.18,24; Eza 65.4; Tra 10.14 sa a, mwen di:
— O non! Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen pa janm manje manje ou defann moun manje. Depi m piti, mwen pa janm manje vyann bèt ki mouri toufe, ni vyann bèt lòt bèt touye. Non, mwen pa janm mete nan bouch mwen vyann ou defann moun manje!
15Lè sa a, Bondye di m konsa:
— Dakò. M'ap kite ou pran kakabèf pito pase pou pran okabinen moun. Ou mèt fè dife avè li pou kwit pen ou lan.
16Senyè a #Lev 26.26; Sòm 105.16; Eze 5.16; 12.19 di mwen ankò:
— Ras Adan! Mwen pral koupe viv moun lavil Jerizalèm yo. Moun yo pral gen kè sere. Yo pral gen kè sote lè yo pral kontwole kantite pen pou yo manje ak kantite dlo pou yo bwè. 17Yo #Lev 26.39; Eze 24.23 p'ap jwenn kantite pen ak dlo yo bezwen: yo tout y'ap depafini ansanm, y'ap deperi poutèt peche yo fè yo.

Chwazi Kounye ya:

Ezekyèl 4: HAT98

Pati Souliye

Pataje

Kopye

None

Ou vle gen souliye ou yo sere sou tout aparèy ou yo? Enskri oswa konekte