YouVersion Logo
Search Icon

Amos 9

9
1Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an moso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va #Am 7:17touye rès yo ak nepe. Yo #Jr 11:11 p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape. 2Menmsi yo ta fouye antre nan #Sòm 139:8sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo #Jr 51:53 monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann. 3Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va #Jr 16:16chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande #És 27:1 sèpan an, e li va mòde yo. 4Menmsi yo antre an #Lev 26:33 kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen. 5Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki #Sòm 104:32touche tè a pou li fann, e #Am 8:8 tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la. 6Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.#És 13:10; Sòm 104:3,13 7Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak #Det 2:23 Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir? 8Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan #Jr 5:10 Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a. 9“Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va #És 30:28 souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè. 10Tout #És 33:14 pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: #Am 6:3 ‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’ 11Nan jou sa a, Mwen va #Trav 15:16-18fè leve #És 16:5 Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo; 12#Ab 19pou yo kapab vin posede retay #Nonb 24:18 Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.
13“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare
SENYÈ a,
“lè #Lev 26:5 sila k ap raboure a va depase sila
k ap rekòlte a,
e sila k ap foule rezen an va depase
sila k ap simen grenn nan;
#Jl 3:18mòn yo va degoute diven dous e
tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
14Anplis, Mwen va #Sòm 53:6 restore pèp Mwen an,
Israël, ki an kaptivite a,
e yo va #És 61:4rebati vil ki kraze nèt yo
pou yo viv ladan yo.
Anplis, yo va plante chan rezen yo
pou bwè diven yo;
epi fè jaden pou manje fwi yo.
15Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo,
e #És 60:21yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi
ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a,
Bondye Ou a.

Currently Selected:

Amos 9: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in