YouVersion Logo
Search Icon

Amos 8

8
1Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, te gen yon panyen fwi gran sezon.
2Li te di: “Kisa ou wè, Amos?”
Epi mwen te di: “Yon panyen fwi gran sezon.”
Konsa, SENYÈ a te di mwen:
# Éz 7:2,3,6 “Lafen gen tan rive pou pèp Mwen an, Israël.
Mwen p ap #Am 7:8 pwoteje yo ankò.
3Kantik a tanp la va tounen chan lamantasyon
nan jou sa a,” deklare Senyè BONDYE a.
# Am 6:8-10 “Kadav yo va anpil.
Nan chak andwa, yo va jete yo deyò an silans.
4Tande sa, nou menm k ap #Sòm 14:4 vale malere yo nèt,
pou mete fen a tout pòv yo,
5ka p di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini
pou nou ka vann sereyal la?
Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a?
N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo.
Anplis, n ap #Os 12:7 twonpe ak balans malonèt,
6pou #Am 2:6achte sila ki san sekou a pou lajan,
ak malere a pou de grenn sapat.
Menm balizaj ble a n ap vann!’”
7SENYÈ a te sèmante pa glwa Jacob la:
“Anverite, Mwen p ap janm bliye okenn nan zak yo.#És 13:10; Sòm 10:11
8Akoz sa, èske peyi a p ap #Sòm 18:7 pran tranble,
e tout moun ki rete ladann p ap #Os 4:3 fè lamantasyon?
Anverite, tout peyi a va leve tankou Rivyè Nil la.
Li va vin ajite toupatou e bese tankou Rivyè Égypte la.
9Li va vin rive nan jou sa a”, deklare Senyè BONDYE a,
ke Mwen va fè #Job 5:14solèy la desann a midi,
e mwen va #És 59:9,10 fè tè a nan fènwa nan plen jounen.
10Answit, Mwen va fè fèt nou yo vin tounen dèy;
tout chan lajwa nou yo va tounen lamantasyon.
Mwen va fè nou pote #És 15:2,3 twal sak sou senti a tout moun,
ak tèt chòv sou tout tèt.
Mwen va fè li #Jr 6:26tankou yon moman dèy
pou yon sèl fis inik,
e lafen li tankou yon jou anmè.
11“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a,
“lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a,
pa yon grangou pou pen oswa pou dlo,
men #I Sam 3:1pou koute pawòl SENYÈ a.
12Pèp la va kilbite tou egare
sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè,
e sòti nan nò pou rive menm nan lès;
yo va gaye toupatou pou #Éz 20:3,31chache pawòl SENYÈ a,
men yo p ap jwenn li.
13Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo
ak jennonm yo va #És 41:17 vin endispoze akoz swaf la.
14Menm jan pou sila ki sèmante pa #Os 8:5 peche Samarie a,
ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O #I Wa 12:28,29Dan!’
e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’;
yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”

Currently Selected:

Amos 8: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in