YouVersion Logo
Search Icon

Abidas 1

1
1Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon #És 18:2mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: #Jr 6:4,5 “Leve, annou ale goumen kont li”— 2Gade byen, Mwen va fè ou #Nonb 24:18 vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil. 3#És 16:6 Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?” 4“Menmsi nou #Job 20:6,7bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami #És 14:12-15 zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a. 5Si #Jr 49:9vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou #Det 24:21 èske yo pa t ap kite kèk ti rès? 6Ala depouye Ésaü va vin #Jr 49:10 depouye! Ala fouye yo va fouye trezò kache li yo! 7Tout #Jr 30:14sila ki fè alyans avèk nou yo va voye nou kote fwontyè a. Sila ki anpè ak nou yo te twonpe nou, e yo deja genyen nou. Zanmi ki manje #Sòm 41:9 pen nou yo ap fè pèlen pou nou. Nanpwen bon konprann nan li.
8Èske Mwen p ap nan jou sa a, deklare SENYÈ a; #Job 5:12-14 “Detwi mesye saj Édom yo, e retire bon konprann ki soti sou mòn Ésaü a? 9Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O #Jen 36:11 Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak. 10Akoz #Jen 27:41; Éz 35:9 vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan. 11Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo.#Sòm 83:5,6; Éz 35:10 12Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo.#És 13:10; Mi 4:11 13Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan #Éz 35:5jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa #Éz 36:2,3 piyaje byen yo nan jou malè yo. 14Pa #És 16:3,4 kanpe nan kafou chemen pou touye sila k ap sove ale sòti nan yo. Epi pa livre a lènmi sila ki chape nan jou malè yo. 15Paske #Éz 30:3 jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou. 16Paske menm jan ou te #Jr 49:12 bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la. 17Men sou mòn #És 4:2,3; És 14:1,2 Sion, va genyen sila ki chape yo, e mòn sa va sen. Epi lakay Jacob va posede posesyon yo. 18Answit, lakay Jacob va vin yon dife, e lakay Joseph va vin yon flanm; men lakay Ésaü va vin kon pay. Konsa, yo va limen dife sou yo pou brile yo nèt pou #Jr 11:23 pa gen ki rete lakay Ésaü ankò,” paske SENYÈ a fin pale.
19Moun Negev la va vin #És 11:14 posede mòn a Ésaü ak sila a Schfela yo, gwo plèn Philistie a. Yo va posede teritwa Éphraïm, teritwa Samarie, e Benjamin va vin posede Galaad, tou. 20Epi egzile a lame fis Israël sa a, ki pami Kananeyen yo, va posede jis rive #I Wa 17:9Sarepta, e egzile Jérusalem ki Sepharad yo va vin posede #Jr 32:44 vil Negev yo. 21#Né 9:27 Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou a SENYÈ a.

Currently Selected:

Abidas 1: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in