YouVersion Logo
Search Icon

Jonas 1

1
1Pawòl SENYÈ a te vini a #II Wa 14:25 Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di: 2“Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske #Jen 18:20 mechanste yo monte devan Mwen.”
3Men Jonas te leve al kache#És 23:1,6,10Tarsis pou kite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann #Jos 19:46 Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l envite prezans SENYÈ a.
4Men #Sòm 107:23-28 SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt. 5Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a #I Wa 18:26pwòp dye pa yo. Yo te #Trav 27:18,19,38 vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi. 6Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve #Sòm 107:28rele dye pa ou a. Petèt #II Sam 12:22 dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”
7Chak mesye yo te di a konparèy yo: “Vini, annou fè tiraj osò pou nou ka konprann sou kont kilès gwo malè sa a rive nou an.” Yo te fè tiraj osò a, e #Nonb 32:23 sò a te tonbe sou Jonas. 8Konsa yo te di li: #Jos 7:19 “Pale nou koulye a! Sou kont a kilès malè sa a rive nou an? Ki metye ou? Epi ki kote ou sòti? Ki peyi ou? Nan ki pèp ou sòti?”
9Li te di yo: “Mwen se yon #Jen 14:13 Ebre, e mwen gen lakrent pou SENYÈ Bondye syèl la, ki te fè lanmè a ak tè sèch la.” 10Pou sa a, mesye yo te vin pè anpil e yo te di li: “Kisa ou te fè la?” Paske mesye yo te deja konprann ke li #Job 27:22 t ap sove ale sòti kite prezans a SENYÈ a, akoz sa li te di yo. 11Konsa, yo te di l: “Kisa pou nou ta fè ou pou lanmè a vin kalm pou nou?” Paske lanmè a t ap vin pi move plis toujou.
12Li te di yo: “Leve mwen, jete m nan lanmè a. Konsa, lanmè va vin kalm pou nou; paske mwen konnen ke se #II Sam 24:17 akoz mwen menm ke gwo tanpèt sa a rive sou nou.”
13Sepandan, mesye yo te bouje zaviwon yo fò pou yo ta ka rive atè, men yo pa t kapab, paske lanmè te vin pi move kont yo. 14Pou sa a, yo te rele SENYÈ a e te di: “O SENYÈ, pa kite nou peri sou kont a nonm sila a, ni pa mete san inosan sou nou; paske #Sòm 115:3 Ou menm, O SENYÈ, Ou fè sa ki fè Ou plezi.” 15Konsa, yo te leve Jonas, yo te voye li nan lanmè a, e lanmè #Sòm 65:7 te vin sispann anraje. 16Epi mesye yo te vin krent SENYÈ a anpil. Yo te ofri yon sakrifis a SENYÈ a e te fè #Sòm 50:14 ve yo a Li menm.
17Epi SENYÈ a te chwazi yon gwo pwason pou vale Jonas, e Jonas te nan #Mat 12:40 vant pwason a pandan twa jou ak twa nwit.

Currently Selected:

Jonas 1: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in