YouVersion Logo
Search Icon

Jonas 2

2
1Konsa, Jonas te priye a SENYÈ Bondye li a depi #Job 13:15 nan vant pwason an. 2Li te di:
“Mwen te rele nan detrès mwen bay SENYÈ a,
e Li te reponn mwen.
Mwen te kriye pou sekou
depi nan pwofondè #Sòm 18:5,6sejou mò yo.
Ou te tande vwa mwen.
3Ou te #Sòm 69:1,2,14,15jete mwen nan gwo pwofondè a,
nan kè lanmè yo,
e gwo kouran dlo a te vale mwen.
Gwo lam lanmè ou yo ak gwo vag lanmè
ou yo te pase sou mwen.
4Konsa, mwen te di: ‘Mwen te #Sòm 31:22vin chase lwen fas ou.
Malgre sa, mwen va gade ankò vè tanp sen Ou an.’
5 # Lam 3:54 Dlo te antoure mwen
jiskaske m rive nan pwen lanmò.
Gwo #Sòm 69:1-2pwofondè a te vale mwen;
zèb lanmè yo te vlope tèt mwen.
6Mwen te desann jis rive nan baz mòn yo.
Latè ak bawo li yo te antoure mwen pou tout tan,
men Ou te #Job 33:28leve lavi m monte soti nan fòs la,
O SENYÈ Bondye mwen an!
7“Pandan mwen t ap #Sòm 142:3 vin endispoze nèt,
Mwen te #Sòm 77:10,11sonje SENYÈ a
e lapriyè mwen te rive kote Ou nan tanp sen Ou an.
8Sila ki #II Wa 17:15konsidere zidòl san valè yo
abandone tout sous mizerikòd,
9Men mwen va fè sakrifis a Ou menm
ak vwa aksyon de gras la.
Sa ke mwen te sèmante a, se li mwen va #Job 22:27akonpli.
# Sòm 3:8 Sali a sòti nan SENYÈ a.”
10Epi SENYÈ a te kòmande #Jon 1:17pwason an
e li te vomi Jonas sou tè sèch la.

Currently Selected:

Jonas 2: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in