YouVersion Logo
Search Icon

Jonas 3

3
1Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jonas pou yon dezyèm fwa. Li te di: 2“Leve ale #So 2:13Ninive, gwo vil la e #Jr 1:17 pwoklame a li menm tout pwoklamasyon ke Mwen va pale ou yo.”
3Konsa, Jonas te ale Ninive selon pawòl SENYÈ a. Alò, Ninive te #Jon 1:2 tèlman yon gwo vil, li te pran twa jou ap mache pou travèse l. 4Jonas te kòmanse travèse vil la pandan yon jou. Li te #Mat 12:41 kriye fò e te di: “Nan karant jou, Ninive va detwi nèt.”
5Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon #Dan 9:3 jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo. 6Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann.#Est 4:1-4 7Li te pibliye yon #II Kwo 20:3 pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo. 8Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab #És 1:16-19 vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo. 9#II Sam 12:22 Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”
10Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te #I Wa 21:27-29vire kite chemen mechan yo a, alò #Egz 32:14 Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.

Currently Selected:

Jonas 3: BSA

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in