“Gade byen, jou yo ap vini,” deklare
SENYÈ a,
“lè sila k ap raboure a va depase sila
k ap rekòlte a,
e sila k ap foule rezen an va depase
sila k ap simen grenn nan;
lè mòn yo va degoute diven dous e
tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an,
Israël, ki an kaptivite a,
e yo va rebati vil ki kraze nèt yo
pou yo viv ladan yo.
Anplis, yo va plante chan rezen yo
pou bwè diven yo;
epi fè jaden pou manje fwi yo.