YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 6

6
Renmen Bondye, se tout lalwa a sa
1Koulyeya, men kòmandman, lòd ak prensip Senyè a, Bondye nou an, mande pou nou swiv nan peyi nou pral pran pou nou an. 2Konsa, #Sòm 128.1; Ekl 12.13 ni nou menm, ni pitit nou yo, ni pitit pitit nou yo, n'a gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an, n'a kenbe tout lòd ak tout kòmandman li ban nou yo, chak jou nan lavi nou. Se konsa n'a viv lontan. 3Koute #Jen 15.5; 22.17 byen sa m'ap di nou, nou menm pèp Izrayèl! Pa bliye yo. Fè tou sa mwen di nou fè. Se sa k'a fè nou viv ak kè kontan. Se sa ki va fè nou tounen yon gwo nasyon nan peyi sa a, kote lèt ak siwomyèl se va tankou dlo, jan Senyè a, Bondye zansèt nou yo, te di li a.
4Koute #Zak 14.9; Mak 12.29; 1 Kor 8.4,6 byen, nou menm pèp Izrayèl! Senyè a, Bondye nou an, se li ki sèl mèt. 5Se #Mat 22.37; Lik 10.27 pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, avèk tout fòs kouray nou.
6Pa #Det 11.18; Sòm 37.31; Eza 51.7 janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. 7N'a #Det 4.9 moutre pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou lakay, kit nou nan travay. 8Mare #Egz 13.9; Det 11.18 yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou sa pa janm bliye yo. 9N'a #Det 11.20 ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay lavil nou yo.
Toujou kenbe pye Bondye
10Senyè a #Joz 24.13; Sòm 105.44 pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li sèmante l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl vil nou pa te bati, 11kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pat fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pat plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou, 12#Pwo 30.8,9 atansyon pou nou pa bliye Senyè a, li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav la. 13Se #Det 10.20; Sòm 63.11; Mat 4.10 pou Senyè a, Bondye nou an, ase pou nou gen krentif. Se li menm ase pou nou sèvi. Se non li sèlman pou nou pran pou fè sèman. 14Pa #Det 11.16; 13.7; Jer 25.6 kouri dèyè lòt bondye. Piga n'al sèvi bondye pèp k'ap viv toupre nou yo. 15Paske #Egz 20.5; Det 11.17 Senyè a, Bondye ki rete nan mitan nou an, se yon Bondye ki jalou anpil. Si nou fè sa, l'a fache sou nou, l'a disparèt nou nèt sou latè.
16Piga #Egz 17.2-7; Mat 4.7 nou sonde Senyè a, Bondye nou an, jan nou te fè l bò Masa a. 17Se #Sòm 119.4 pou nou kenbe tout kòmandman Senyè a ansanm ak tout lòd ak tout prensip li ban nou pou nou swiv. 18N'a fè sa ki dwat ak sa ki byen nan je Bondye pou nou ka gen kè kontan, pou nou ka pran bèl peyi Senyè a te fè sèman l'ap bay zansèt nou yo, 19pou nou ka chase tout lènmi nou yo devan nou, jan li te pwomèt la.
20Yon #Egz 13.14 jou, lè pitit nou va mande nou poukisa Senyè a, Bonye nou an mande nou swiv tout lòd, tout prensip ak tout kòmandman sa yo, 21lè sa a, n'a di yo: Nou te esklav farawon an nan peyi Lejip. Senyè a te fè nou sòti kite peyi Lejip la avèk fòs ponyèt li. 22Nou #Sòm 135.9 te wè ak je nou tout mèvèy ak tout mirak li te fè pou kraze peyi Lejip, ansanm ak farawon an ak tout moun pa l yo. 23Men nou menm, li fè nou sòti kote nou te ye a, li mennen nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo, epi li ban nou li. 24Apre #Det 8.1; 10.13; Sòm 41.2 sa, Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou kenbe tout prensip sa yo. Konsa, n'a gen krentif pou li, n'a viv ak kè kontan, epi l'a konsève lavi nou jan li fè sa pou nou jouk kounyeya. 25Si #Det 24.13 nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt. Se pou nou mache devan Senyè a, Bondye nou an, jan li mande nou an.

Currently Selected:

Detewonòm 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in