YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 7

7
Izrayèl pèp Bondye
(Egzòd 34.11-17)
1Senyè a, Bondye nou an, pral fè nou antre nan peyi #Egz 23.23; Det 4.38 nou pral pran pou nou an. Li pral fè sèt nasyon ki gen plis moun pase nou, ki pi fò pase nou, kouri met deyò devan nou, ki vle di moun Et yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Perèz yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. 2Senyè a, #Egz 23.32; Nonb 21.2,3; Jij 2.2 Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase okenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo. 3Piga #Egz 34.16; Joz 23.12,13; 1 Wa 11.2; Esd 9.2 nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo. 4Paske y'a pran tèt pitit gason nou yo, y'a fè yo vire do ban mwen pou y'al sèvi zidòl. Si nou fè sa, Bondye ap fache sou nou, l'a disparèt nou lapoula. 5Men #Egz 34.13; Det 7.25 sa pou n fè yo: Demoli tout lotèl yo, kraze tout estati yo, rache tout poto Achera yo, boule tout zidòl yo. 6N'a #Egz 19.5,6; Sòm 135.4; Am 3.2; 1 Pyè 2.9 fè sa paske se yon pèp apa nou ye pou Senyè a, Bondye nou an. Se nou menm Senyè a, Bondye nou an, te chwazi nan tout pèp sou latè pou fè nou tounen yon pèp ki rele li pa li.
Privilèj ak obligasyon pèp Bondye a
7Si nan tout pèp sou latè, se nou menm Senyè a te pito, si li te chwazi nou, se pa paske nou te gen plis moun nan pèp nou an pase lòt yo. Okontrè se nou ki te gen pi piti kantite moun. 8Men, #Egz 32.13; Det 10.15; Sòm 105.8,9; Oze 11.1 se paske Senyè a te renmen nou, epi li te vle kenbe pwomès li te fè zansèt nou yo. Se poutèt sa li delivre nou avèk fòs ponyèt li. Li fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te tounen esklav la. Li wete nou anba pouvwa farawon an. 9Se #Egz 20.6; Ney 1.5; Eza 49.7; Da 9.4; 1 Kor 1.9; 10.13; 2 Kor 1.18; 1 Tes 5.24; 2 Tes 3.3; 2 Tim 2.13; Eb 10.23; 11.11; 1 Jan 1.9 pou nou rekonèt Senyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l, moun ki fè tou sa l mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon. 10Men, #Eza 59.18; Na 1.2; 2 Pyè 3.9 li p'ap manke pini moun ki rayi li. Se moun sa yo menm l'ap touye, se pa lòt moun. Wi, li p'ap pran reta pou li fè yo peye sa yo te fè a. 11Se poutèt sa se pou nou swiv tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip mwen mande swiv jodi a.
Benediksyon moun ki obeyi Bondye
(Levitik 26.3-13; Detewonòm 28.1-14)
12Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan kè nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Senyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo. L'ap toujou renmen nou jan li te sèmante bay zansèt nou yo. 13L'a #Det 28.4; 30.9; Jan 14.21 renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an. 14Bondye ap beni nou plis pase tout lòt pèp yo. P'ap gen yon moun nan mitan nou, fanm kou gason, ki p'ap ka fè pitit. Konsa tou, p'ap gen yonn nan bèt nou yo, ni mal ni fenmèl, ki p'ap ka fè pitit. 15Senyè a #Egz 9.14; 15.26; Det 28.60 p'ap kite okenn maladi tonbe sou nou. Li p'ap janm voye sou nou move epidemi nou te wè ki te tonbe sou moun peyi Lejip yo. L'ap kite sa pou tout moun ki pa vle wè nou yo. 16Se #Jij 8.27; Sòm 106.36 pou nou disparèt tout pèp Senyè a, Bondye nou an, va lage nan men nou. Se pou nou san pitye pou yo. Piga nou fè sèvis pou bondye moun sa yo, paske sa ka fini mal pou nou.
17Si nou ta rive di nan kè nou: Nasyon sa yo gen plis moun pase nou. Ki jan pou n fè pou n pran peyi a nan men yo? wete lide konsa nan tèt nou. 18Nou #Sòm 77.11; 105.5; 135.8-9 pa bezwen pè yo. Chonje tou sa Senyè a, Bondye nou an, te fè farawon an ak tout peyi Lejip li a. 19Chonje tout gwo malè nou te wè ak je nou, tout mèvèy ak tout mirak Senyè a te fè ak fòs ponyèt li ak gwo kouray li pou l fè nou sòti kite peyi sa a. Senyè a pral fè menm jan an tou ak tout pèp nou pè yo. 20Sa #Egz 23.28; Joz 24.12 ki pi rèd ankò, l'ap voye yon bann tanwan pou touye tou sa ki va chape anba men nou pou y'al kache pou nou. 21Nou #Nonb 14.14; 16.3; Det 10.17; Joz 3.10; Ney 1.5; 4.14; 9.32 pa bezwen pè moun sa yo menm. Senyè a, Bondye nou an, kanpe la avèk nou. Se yon Bondye ki gen anpil pouvwa, yon Bondye ki fè tout moun respekte l. 22Senyè a, #Egz 23.29,30 Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè li, bèt nan bwa va anvayi nou. Sa p'ap nan avantaj nou. 23Men, Senyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou. L'ap fè yo pati kouri devan nou jouk n'a fin disparèt yo nèt. 24Senyè a #Det 9.14; 11.25; Joz 1.5; 10.8; 12.1; 23.9 pral mete wa yo anba pye nou. Nou pral touye yo, nou pral fè tout moun sou latè bliye non yo. Pèsonn p'ap ka rete nou sou kous nou. Nou pral detwi yo tout. 25N'a #Egz 20.17; Det 12.3; Joz 7.1,21; 1 Kwo 14.12 boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Senyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm. 26Konsa #Lev 27.28; Det 13.17; Joz 6.17,18 tou, pa pran okenn nan zidòl sa yo mete anndan kay nou, pou menm madichon ki tonbe sou yo a, li pa tonbe sou nou tou. Se pou nou konsidere yo tankou move bagay, pou vye bagay sal. Se bagay madichonnen, bagay ki fèt pou disparèt nèt.

Currently Selected:

Detewonòm 7: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in