YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 8

8
Se pa ak pen ase moun viv
1Se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jodi a pou nou ka viv, pou nou ka gen anpil pitit, pou nou ka mache pran peyi mwen te sèmante m'ap bay zansèt nou yo. 2Chonje #Egz 15.25; 16.4; Det 2.7; 2 Kwo 32.31; Am 2.10 tout chemen Senyè a, Bondye nou an, te fè nou pran nan dezè a pandan karantan pou l te ka kraze lògèy nou, pou l te ka sonde nou, pou l te ka konnen sa ki nan kè nou, si tout bon vre nou te sòti pou kenbe kòmandman l yo. 3Li #Egz 16.2,3,12-15; Sòm 78.23-25; Mat 4.4; 1 Kor 10.3 kraze lògèy nou, li fè nou soufri grangou. Apre sa, li ba nou lamàn pou nou manje, yon kalite manje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Li fè tou sa pou li te fè nou konnen se pa pen ase moun bezwen pou yo viv. Yo bezwen tout pawòl ki sòti nan bouch Senyè a tou pou yo viv. 4Pandan #Det 29.5; Ney 9.21 tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle. 5Se #2 Sam 7.14; Pwo 3.11,12; Rev 3.19 pou nou manyè konprann kounyeya, Senyè a, Bondye nou an, t'ap mete nou sou lòd tankou yon papa k'ap mete pitit li sou lòd. 6Se poutèt sa, toujou kenbe tout lòd Senyè a, Bondye nou an, ban nou pou nou ka mennen bak nou dwat nan chemen li mete devan nou yo, lèfini pou nou toujou gen krentif pou li.
7Men, Senyè a, Bondye nou an, ap mennen nou nan yon bèl peyi, yon peyi kote ki gen anpil rivyè, anpil sous dlo, anpil dlo anba tè k'ap pete nan fon yo ak sou flan mòn yo, 8yon peyi kote ki gen ble, lòj, rezen, pye fig frans, grenad, oliv ak siwo myèl, 9yon peyi kote nou p'ap janm manke manje, kote nou va jwenn tou sa nou vle. Plen fè nan mitan wòch li yo. N'a jwenn kwiv nan mòn li yo. 10Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Senyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an.
Toujou sonje Bondye
11Veye kò nou pou nou pa janm bliye Senyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a. 12#Pwo 30.9; Oze 13.6 n'a fin manje plen vant nou, lè n'a fin bati bèl kay pou nou rete, 13lè n'a wè bèf nou yo, kabrit nou yo ak mouton nou yo ap peple, lè n'a wè n'a gen lò ak ajan an kantite, lè n'a wè tout byen nou yo ap vin pi plis chak jou, 14pa #Sòm 106.21 kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite Lejip kote nou te esklav la. 15Se #Egz 17.6; Nonb 21.6; Oze 13.5 li menm ki te pran men nou pou fè nou travèse gwo dezè plen danje a, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fè dlo sòti nan gwo wòch di a pou nou. 16Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje lamàn, yon kalite manje zansèt nou yo pat janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan.
17Pa #Det 9.4 janm mete nan tèt nou se kouray nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo. 18Chonje #Det 7.12; Pwo 10.22; Oze 2.8 se Senyè a, Bondye nou an, ki te ban nou kouray sa a. Se li menm ki te fè nou rive gen tout richès sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, epi l'ap kenbe l jouk jòdi a.
19Si nou rive bliye Senyè a, Bondye nou an, pou n'al kouri dèyè lòt bondye, pou nou fè sèvis pou yo, pou n adore yo, mwen tou avèti nou jòdi a, nou tout nou gen pou nou disparèt. 20Si #Da 9.12 nou pa koute sa Senyè a, Bondye nou an, di nou, nou pral disparèt menm jan ak nasyon Bondye pral disparèt devan nou yo.

Currently Selected:

Detewonòm 8: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in