YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 5

5
Dis kòmandman yo
(Egzòd 20.1-17)
1Moyiz fè tout pèp Izrayèl la sanble, epi li di yo:
— Nou menm pèp Izrayèl, koute lòd ak kòmandman m'ap fè nou tande jòdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fè tou sa yo mande nou fè.
2Senyè a, #Egz 19.5; 24.7,8 Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la. 3Se pat avèk zansèt nou yo sèlman Senyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a. 4Bondye #Nonb 14.14; Det 4.12 te rete sou mòn lan nan mitan dife a. Li pale ak nou fasafas. 5#Egz 19.16; 20.18; Gal 3.19 sa a, mwen menm mwen te kanpe nan mitan, Senyè a yon bò, nou menm yon bò, pou m te rapòte nou tout pawòl Senyè a te di, paske nou te pè dife a, nou pat vle moute sou mòn lan. Men sa Senyè a te di:
6Se #Egz 20.2-17 mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.
7Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman.
8Piga nou janm fè okenn estati ni okenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a. 9Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm Senyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki jalou anpil. Lè yon moun rayi m, mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa. 10Men, lè yon moun renmen m, lè li fè sa m mande l fè, m'ap moutre l jan moun rimnen l tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.
11Piga nou janm nonmen non Senyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m pou gremesi.
12Toujou chonje jou repo a pou nou mete l apa pou Bondye, jan mwen menm Senyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l la. 13N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè. 14Men, #Egz 23.12 setyèm jou a, se jou repo Senyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè okenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni okenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou. 15N'a #Egz 20.11 toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Senyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouray mwen. Se poutèt sa, Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a.
16Respekte manman nou ak papa nou jan Senyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou.
17Piga nou fè zak asasinay touye moun.
18Piga nou janm fè adiltè.
19Piga nou vòlè moun.
20Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal.
21Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.
22Men #Egz 24.12; Det 4.11 pawòl Senyè a te di nou lè, nou tout, nou te rasanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nyaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de tablo wòch, epi li ban mwen yo.
Lapriyè Moyiz pou pèp la
(Egzòd 20.18-21)
23Men, lè pèp la tande bri vwa ki t'ap sòti nan nyaj nwa a, lè yo wè mòn lan ki t'ap pran dife, yo vin jwenn mwen ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak tout chèf fanmi yo. 24Yo #Det 4.33 di m konsa:
— Kounyeya, nou wè Senyè a, Bondye nou an. Nou wè jan li gen pouvwa, jan li merite yo fè lwanj li. Nou tande vwa l ap pale nan mitan dife a. Jòdi a nou wè tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa. 25Bon. Kounyeya, poukisa pou n'al riske tèt nou ankò avèk gwo dife sa a ki ka kankannen nou? Eske nou p'ap mouri si nou tande vwa Senyè a, Bondye nou an, ap pale yon lòt fwa ankò? 26Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an? 27Ou #Egz 20.19 mèt pwoche ou menm, pou ou tande tou sa Senyè a, Bondye nou an, va di. Apre sa, w'a tounen vin di nou sa li te di ou. N'a koute ou, epi n'a fè tou sa l di nou fè.
28Senyè a te tande sa nou te di a, li di m konsa: Mwen tande sa pèp la di la a. Yo gen rezon. 29Mwen #Det 4.40; 32.29; Sòm 81.13; Eza 48.18 swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo. Konsa y'a viv ak kè kontan, ni yo menm, ni pitit yo. 30Ale di yo yo mèt tounen anba tant yo. 31Men ou menm, ou va rete isit la avè mwen. M' a ba ou tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip pou yo swiv nan peyi m'ap ba yo a.
32Veye #Det 17.20; Joz 1.7 kò nou pou nou viv jan Senyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agòch. 33N'a #Det 4.40; 10.12; Jer 7.23 mache dwat nan chemen Bondye nou an, Senyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.

Currently Selected:

Detewonòm 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in