YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 4

4
Senyè a mande obeyisans pèp la
1Apre sa, Moyiz di pèp la:
— Kounyeya, nou #Det 8.1; Eze 20.11 menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Senyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an. 2Piga #Det 12.32; Rev 22.18,19 nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fè a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Senyè a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a. 3Nou #Nonb 25.3-9 menm, nou te wè sa Senyè a te fè bò mòn Peyò a, lè li te touye tout moun nan mitan nou ki te al fè sèvis pou Baal sou mòn lan. 4Men, nou menm ki pat lage pye Senyè a, Bondye nou an, nou tout la byen vivan toujou.
5Gade! Mwen te moutre nou tout lòd ak tout regleman, jan Senyè a, Bondye mwen an, te mande m fè l la, pou nou te ka viv dapre lòd sa yo nan peyi nou pral pran pou nou an. 6Se #Jòb 28.28; Sòm 111.10; Pwo 9.10 pou nou kenbe yo, se pou nou fè tou sa yo mande nou fè ladan yo. Paske, se konsa n'a fè lòt nasyon yo wè jan nou gen konprann, jan nou gen lespri. Lè y'a rive tande pale tout lòd sa yo, y'a di: Ala yon gwo pèp, papa! Pèp sa a gentan gen konprann, yo gentan gen lespri! 7Paske #2 Sam 7.23; 1 Wa 6.13; Sòm 145.18; Eza 55.6 pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Senyè a, Bondye nou an, fè l pou nou chak fwa nou rele l. 8Pa #Wòm 7.12 gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l gran, ki gen bon lòd ak bon prensip pou regle tout bagay san patipri tankou lalwa mwen mete devan nou jòdi a.
9Tansèlman, #Jen 18.19; Det 6.7; 11.19; Sòm 78.4-6; Pwo 4.23 veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
Bondye devwale li sou mòn Orèb
10Pa #Egz 19.9,16; Det 17.19; 31.12 bliye jou nou te kanpe sou mòn Orèb la, devan Senyè a, Bondye nou an. Lè sa a, li te di mwen: Sanble tout pèp la pou m ka fè yo tande pawòl mwen gen pou m di yo, pou yo aprann respekte m pandan tout lavi yo sou latè, lèfini pou yo moutre pitit yo fè menm bagay la tou. 11N'a #Egz 19.17,18; Eb 12.18 di yo ki jan nou te pwoche bò pye mòn lan. Lè sa a, gwo flanm dife t'ap sòti sou mòn lan, yo t'ap moute byen wo nan syèl la. 12Senyè a #Egz 20.1,19,22; Det 4.33,36; 5.4,22 rete nan mitan dife a li pale ak nou. Se bri bouch li ase nou te tande ap pale. 13Senyè a #Egz 24.12; 34.28; Det 9.9 te fè nou konnen kontra li te pase ak nou an. Li mande nou pou nou kenbe l. Li te ekri dis kòmandman yo sou de wòch plat yo, li mande pou nou swiv yo. 14#Egz 21.1 sa a, Senyè a pase m lòd pou m moutre nou tout lwa ak tout prensip nou gen pou nou swiv nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou an.
Pa lage nou nan zidòl
15Veye #Det 4.12 kò nou, tande! Se pou byen nou wi! Lè Senyè a te pale ak nou nan mitan dife a, sou mòn Orèb la, nou pat wè anyen ki ta sanble ak yon bagay. 16Piga #Egz 20.4; Det 5.8; Wòm 1.23 nou fè sa nou pa dwe fè. Piga n'al fè okenn zidòl pou nou adore, kit li gen fòm gason, osinon fòm fanm, 17kit li gen fòm zannimo oswa fòm zwazo, 18kit li gen fòm bèt k'ap trennen sou vant yo osinon fòm pwason. 19Konsa #Det 17.3; 2 Wa 21.3; Tra 7.42 tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè. 20Kanta #1 Wa 8.51 nou menm, Senyè a te pran nou, li fè nou sòti kite peyi Lejip ki te pou nou tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fè, epi li fè nou tounen sa nou ye kounyeya: yon pèp ki rele l pa l. 21Men, #Nonb 20.12 Senyè a, Bondye nou an, te fache sou mwen poutèt nou. Li sèmante li p'ap kite mwen janbe lòt bò larivyè Jouden an, ni li p'ap kite m' mete pwent pye m' nan bon peyi li menm, Senyè a, Bondye nou an, ap fè nou kado a. 22Se #Det 3.25,27 konsa, mwen menm, m'ap mouri bò isit la, mwen p'ap janbe lòt bò larivyè Jouden an. Men, nou menm, n'ap janbe lòt bò larivyè a, nou pral pran bon peyi sa a pou nou. 23Veye #Det 4.16 kò nou pou nou pa janm bliye kontra Senyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an. Piga nou janm fè okenn zidòl, okenn pòtre bagay Senyè a, Bondye nou an, te defann nou fè. 24Paske #Egz 20.5; 24.17; Det 5.9; 6.14,15; 9.3; Eza 33.14; 42.8; Sof 1.18; Eb 12.29 Senyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki jalou anpil. Li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote li pase.
25#2 Wa 17.17 n'a gen pitit ak pitit pitit, lè n'a fin vye granmoun nan peyi a, piga nou fè sa nou pat dwe fè. Piga nou fè estati osinon pòtre okenn bagay pou nou fè sèvis pou yo. Piga nou fè sa ki mal nan je Senyè a, Bondye nou an, pou nou fè l fache. 26Si #Det 11.17; 30.18; Eza 1.2 nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt. 27Senyè a #Lev 26.33; Det 28.62,64; Ney 1.8; Sòm 115.4-7; Eza 44.9; 46.7; Eze 12.15 pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Senyè a pral mennen nou an. 28Lè n'a rive nan peyi sa yo, nou pral fè sèvis pou bondye moun fè ak men yo, pou zidòl fèt an bwa, osinon an wòch, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka manje, ki pa ka pran sant anyen. 29Men, #2 Kwo 15.4; Eza 55.6,7; Jer 29.13 lè sa a, n'a pran chache Senyè a, Bondye nou an. Si nou chache l ak tout kè nou, n'a jwenn li. 30Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Senyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l t'ap di nou an. 31Paske #Egz 34.6; Det 31.6,8; 2 Kwo 30.9; Ney 9.31; Jo 4.2 Senyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansèt nou yo, kontra li te fè sèman l'ap toujou kenbe a.
32Chache #Jòb 8.8 konnen sa ki te pase nan tan lontan, nan tan ki te la anvan nou te fèt, depi lè Bondye te mete moun sou latè. Ale toupatou sou latè, mande si yon gwo bagay konsa te janm rive. Eske yo janm tande yon gwo koze tankou koze sa a? 33Eske #Det 4.12 janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l la, epi ki pa mouri apre sa? 34Eske te janm gen yon bondye ki te penmèt li al chache yon pèp nan mitan yon lòt pèp pou fè li tounen pèp pa li, yon bondye ki te janm fè tout mirak ak tout bèl bagay sa yo, yon bondye ki te janm goumen tout goumen sa yo ak fòs ponyèt li, ak gwo kouray li epi ki te fè anpil bagay pou fè moun tranble jan Senyè a, Bondye nou an, te fè l pou nou devan je nou nan peyi Lejip la? 35Se #Det 4.39; 1 Sam 2.2; 2 Sam 22.32; Eza 45.5,18,21; Mak 12.32 nou menm sèl Senyè a te fè wè tou sa pou nou te ka konnen se Senyè a ki sèl Bondye tout bon an, pa gen lòt ankò. 36Li #Egz 19.9,19; 20.22; Det 4.12 rete nan syèl la, li fè nou tande vwa l pou l te ka moutre nou anpil bagay. Sou latè menm, li fè nou wè yon gwo dife, epi li rete nan mitan dife a, li pale ak nou. 37Li #Egz 33.14; Det 10.15; Eza 63.9 te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo sòti kite peyi Lejip. 38Lèfini, #Egz 23.27,28; Det 7.1; 9.1; 11.23; 31.3 li fè yon bann nasyon ki pi gran, ki pi fò pase nou kouri mete deyò pou fè plas ban nou. Li fè nou antre nan peyi yo. Li ban nou yo pou yo rele nou pa nou, jan sa ye jouk jòdi a.
39Bon. #Det 4.35; Joz 2.11; 2 Kwo 20.6 Kounyeya, konprann sa byen. Pa janm bliye se Senyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt. 40Se #Lev 22.31; Det 5.16; 6.2,3; 11.9; 12.25,28; 22.7 pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.
Lavil refij lòt bò larivyè Jouden yo
41Apre #Nonb 35.6,14 sa, Moyiz chwazi twa lavil lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, 42lavil kote moun gendwa kouri al kache si li ta touye yon moun pèp Izrayèl parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l. Li gendwa al kache kò l nan yonn nan lavil sa yo pou yo pa touye l. 43Pou #Joz 20.8 moun branch fanmi Riben yo, se te lavil Bezè nan dezè ki anwo sou platon an. Pou moun branch fanmi Gad yo, se te lavil Ramòt nan zòn Galarad la. Pou moun fanmi Manase yo, se te lavil Golan nan peyi Bazan.
Dezyèm diskou Moyiz la
44Men lalwa Moyiz te mete devan moun pèp Izrayèl yo. 45Men kòmandman, lòd ak prensip Moyiz te ba yo apre yo te fin sòti kite peyi Lejip. 46#Nonb 21.24; Det 3.29 sa a, yo te deja rive lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, nan fon ki anfas Bètpeyò a, nan peyi wa Siyon an. Siyon sa a te wa peyi Amori a, li te rete lavil Esbon. Men, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo te bat li apre yo te fin sòti kite peyi Lejip la. 47Yo #Nonb 21.33,35 pran peyi a nan men l. Yo fè menm bagay la tou nan peyi Bazan, kote wa Og t'ap gouvènen an. De wa peyi Amori sa yo t'ap viv lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. 48Peyi #Det 2.36; 3.8,9 yo te pran an te konmanse depi lavil Awoyè ki sou tèt falèz toupre larivyè Anon an, li rive jouk mòn Siryon. #4.48: Siryon: Se non sa a yo bay nan tèks ebre a, men dapre vèsyon grèk la se Siyon yo rele mòn sa a. Wè 3.9. Yo rele mòn sa a mòn Emon tou. 49Yo te pran tou tout zòn Araba a, ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an, rive lanmè Mouri a nan pye mòn Pisga.

Currently Selected:

Detewonòm 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in