1
Detewonòm 4:29
1998 Haïtienne
Men, lè sa a, n'a pran chache Senyè a, Bondye nou an. Si nou chache l ak tout kè nou, n'a jwenn li.
Compare
Explore Detewonòm 4:29
2
Detewonòm 4:31
Paske Senyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki gen bon kè, li p'ap lage nou, ni li p'ap detwi nou. Li p'ap janm bliye kontra li menm li te pase ak zansèt nou yo, kontra li te fè sèman l'ap toujou kenbe a.
Explore Detewonòm 4:31
3
Detewonòm 4:24
Paske Senyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki jalou anpil. Li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote li pase.
Explore Detewonòm 4:24
4
Detewonòm 4:9
Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo.
Explore Detewonòm 4:9
5
Detewonòm 4:39
Bon. Kounyeya, konprann sa byen. Pa janm bliye se Senyè a ki Bondye anwo nan syèl la ak isit la sou latè. Wi, se li menm, pa gen lòt.
Explore Detewonòm 4:39
6
Detewonòm 4:7
Paske pa gen lòt nasyon, li te mèt gran kou l gran, ki gen yon Bondye toupre yo, yon Bondye k'ap kanpe la avèk yo, tankou Senyè a, Bondye nou an, fè l pou nou chak fwa nou rele l.
Explore Detewonòm 4:7
7
Detewonòm 4:30
Men, lè n'a gen kè sere, lè tout bagay sa yo va rive nou vre, bout pou bout yon jou n'a tounen nan pye Senyè a, Bondye nou an. N'a koute tou sa l t'ap di nou an.
Explore Detewonòm 4:30
8
Detewonòm 4:2
Piga nou mete, piga nou wete anyen sou sa mwen mande nou fè a. Se pou nou kenbe tout kòmandman Senyè a, Bondye nou an, jan mwen te moutre nou yo a.
Explore Detewonòm 4:2
Home
Bible
Plans
Videos