Chemen Bondye Fè Ak JozèfEgzanp

Chemen Bondye Fè Ak Jozèf

JOU 5 SOU 5

Padon ak Rekonsilyasyon

Jozèf te pase anpil soufrans ak trayizon nan men frè l yo. Yo te vann li kòm esklav, yo te vòlè jenès li, e yo te mete l nan yon chimen difisil ki te pote anpil lapenn. Malgre tout bagay sa yo, lè Jozèf te vin twouve l nan yon pozisyon pouvwa, li te gen opòtinite pou l fè revanj sou frè l yo. Li te ka chwazi pini yo pou tout mechanste yo te fè l, men olye de sa, Jozèf te chwazi yon chemen diferan – chemen padon. Se te yon desizyon ki te bon non sèlman pou gerizon kè l, men ki te pote rekonsilyasyon nan yon fanmi ki te divize. Nan moman sa a, Jozèf te konprann ke Bondye te itilize tout doulè li yo pou yon pi gwo objektif, e li te wè plan Bondye yo akonpli nan lavi li.

Padon se yon fòs ki pa gen parèy. Lè nou chwazi padone moun ki fè nou mal, nou libere kè nou anba chèn mechanste ak rankin. Se pa yon bagay fasil, espesyalman lè blesi yo pwofon, men padon pèmèt nou viv nan lapè epi retire chay emosyonèl ki ka toupizi nou yo. Jozèf te konnen ke Bondye te gen yon plan pou li, e ke chak etap difisil li te travèse te mennen l pi pre reyalizasyon pwomès Bondye yo. Se menm bagay la pou nou. Lè nou chwazi padone, nou fè yon plas nan lavi nou pou benediksyon Bondye yo ka fleri, e nou pèmèt Bondye itilize nou kòm yon zouti pou rekonsilyasyon.

Reflechi sou pwòp lavi nou. Èske gen moun ki te fè nou mal oswa ki te trayi nou? Èske gen relasyon ki brize nan lavi nou? Bondye envite w chwazi chemen padon an, menm jan Jozèf te fè l. Padon se pa sèlman yon aksyon ki geri moun nou padone yo, men se yon aksyon ki geri kè nou tou. Bondye vle sèvi avèk nou pou pote rekonsilyasyon nan relasyon nou yo. Si Jozèf te ka padone moun ki te fè l pase nan tout kalamite li yo, li te montre nou ak favè Bondye, nou kapab fè menm bagay la tou. Chwazi padon jodi a, epi kite Bondye travay atravè lavi nou.

Jou 4

Konsènan Plan sa a

Chemen Bondye Fè Ak Jozèf

Lavi Jozèf te ranpli ak eprèv epi pwomès. Malgre trayizon, prizon, ak difikilte, Jozèf te rete fidèl e li te mete konfyans nan plan Bondye pou li. Pandan 5 jou sa yo, n ap swiv kijan Bondye te fè chemen ak li. Nou va aprann tou kijan li te fè fas ak trayizon, rezistans nan tantasyon, ak pwomès Bondye yo ki te rive reyalize nan tan Li.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/