Chemen Bondye Fè Ak JozèfEgzanp

Chemen Bondye Fè Ak Jozèf

JOU 1 SOU 5

Frè Jozèf Yo Trayi l

Jozèf te yon jèn gason ki te jwenn favè nan je papa l, Jakòb. Men, favè sa a te lakòz frè l yo devlope yon jalouzi ki mennen yo nan trayi l. Rèv Jozèf te resevwa nan men Bondye te deranje lespri frè l yo, paske nan rèv sa yo, yo te wè Jozèf kòm yon chèf, yon lidè ki te pi wo pase yo. Se te twòp pou yo ka sipòte, e yo te deside fè l disparèt. Menm jan an, gen fwa nan lavi nou, lè moun ki ta dwe pi pwòch ak pi renmen nou yo vire do ban nou. Men, istwa Jozèf la montre ke menm lè moun trayi nou, Bondye toujou avè nou epi li kontinye travay nan lavi nou pou akonplisman plan Li.

Nan moman konsa, lè ou santi ou pou kont ou, nan trayizon ak tristès, ou ka panse ke tout bagay pèdi. Men, menmjan Bondye te akonpaye Jozèf nan tout etap difisil yo, menm jan an li akonpanye ou nan chak doulè ou, li koute chak soupi fè nan moman lapenn yo. Trayizon frè Jozèf yo se pa t fen traka Jozèf, men pito kòmansman plan Bondye pou lavni Jozèf. Jozèf te pase pa anpil difikilte, men chak etap te prepare l pou misyon Bondye te ba li a. Bondye ap sèvi ak chak trayizon ou yo, chak desepsyon ou yo nan lavi ou pou l fè w grandi, fòme ou, epi fè ou avanse nan direksyon destine ou.

Reflechi sou moman kote ou te santi ou trayi. Pa kite trayizon fèmen kè ou, men pito sonje ke Bondye wè tout bagay. Li konprann doulè ou, epi li gen yon plan menm nan mitan pwoblèm ou yo. Rèv ou yo pa pèdi. Bondye ap kontinye travay avèk ou menm lè moun eseye mete w sou kote. Jozèf te finalman vin yon benediksyon pou frè l yo ak tout pèp Izrayèl la, paske Bondye te akonpli plan Li malgre tout difikilte yo. Se pou ou genyen menm konfyans sa a nan fidelite Bondye pou lavi ou.

Jou 2

Konsènan Plan sa a

Chemen Bondye Fè Ak Jozèf

Lavi Jozèf te ranpli ak eprèv epi pwomès. Malgre trayizon, prizon, ak difikilte, Jozèf te rete fidèl e li te mete konfyans nan plan Bondye pou li. Pandan 5 jou sa yo, n ap swiv kijan Bondye te fè chemen ak li. Nou va aprann tou kijan li te fè fas ak trayizon, rezistans nan tantasyon, ak pwomès Bondye yo ki te rive reyalize nan tan Li.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/