Chemen Bondye Fè Ak JozèfEgzanp

Chemen Bondye Fè Ak Jozèf

JOU 2 SOU 5

Tantasyon ak Entegrite

Jozèf te jèn, li te bèl gason, epi li te yon sèvitè fidèl nan kay Potifa a. Madanm Potifa te atire pa Jozèf, e li te tante l plizyè fwa pou l patisipe nan twonpe mari li. Jozèf te nan yon sitiyasyon difisil kote li te ka fasilman tonbe nan peche epi kache sa, men li te chwazi kenbe entegrite l. Li te konprann ke menm si pa gen moun ki wè li, Bondye te wè li. Se konsa, li te refize tonbe nan tantasyon an, menm lè madanm Potifa te ba li anpil presyon. Jozèf te gen yon kè fidèl, pa sèlman anvè Potifa, men sitou anvè Bondye. Li te konnen ke fè sa ki mal ta vle di dezonore Bondye, e li te vle kenbe konsyans li pwòp devan Bondye.

Nan lavi nou, chak jou nou ka fè fas ak gwo tantasyon kote nou konn paka reziste. Bagay sa yo ka soti nan presyon sosyal, anvi pèsonèl, oswa menm pwop entansyon nou. Men, tankou Jozèf, nou ka chwazi kenbe entegrite nou devan Bondye. Entegrite se kapasite pou rete fidèl nan prensip ak kwayans nou, menm lè lòt moun pouse nou fè sa ki mal. Sa a se pa yon bagay fasil, espesyalman lè presyon an sanble twò fò. Sepandan, Bondye toujou la pou ede nou reziste epi rete fèm. Lè nou sonje kijan Bondye wè chak aksyon nou ak kijan li kontan lè nou chwazi obeyisans, sa ba nou fòs pou fè sa ki dwat, menm lè tantasyon parèt bèl devan je nou.

Lè w fè fas ak tantasyon oswa presyon ki ap pouse w fè sa ki mal, sonje ke entegrite se yon kado Bondye ban nou pou nou ka pwoteje lavi nou ak relasyon nou ak li. Pa kite tantasyon detounen ou. Jozèf te kouri kite sitiyasyon an, menm lè sa te vle di li t ap pèdi tout bagay, paske li te konnen ke kenbe entegrite li te pi enpòtan pase nenpòt lòt bagay. Se yon modèl pou nou tout : lè tantasyon frape, nou dwe kouri lwen li epi chwazi chemen entegrite a. Bondye onore moun ki chwazi obeyisans, epi li toujou akonpaye nou nan chak batay nou yo kont tantasyon.

Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

Chemen Bondye Fè Ak Jozèf

Lavi Jozèf te ranpli ak eprèv epi pwomès. Malgre trayizon, prizon, ak difikilte, Jozèf te rete fidèl e li te mete konfyans nan plan Bondye pou li. Pandan 5 jou sa yo, n ap swiv kijan Bondye te fè chemen ak li. Nou va aprann tou kijan li te fè fas ak trayizon, rezistans nan tantasyon, ak pwomès Bondye yo ki te rive reyalize nan tan Li.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/