Pataje Jezi vèk KonfyansEgzanp
Konfyans nan Avansman Bagay yo
Lè li t ap kite tè a Jezi te di Sentespri a ap genyen pou li vini. Nan Levangil Matye, Mak, Lik, ak Jan, nou jwenn istwa sou lavi Jezi depi nesans li rive lanmò ak rezirèksyon li. Nan liv Travay yo, nou li kote Jezi monte nan syèl la epi Sentespri a parèt! Pyè leve kanpe epi li pale ak yon gwo foul moun pou pataje Levanjil la epi fè yo konnen Sentespri sa a ap viv nan moun k ap swiv Jezi kounye a.
Pyè te ak Jezi pandan ministè li, e li te tande sa Seyè a te di epi li te fè konnen pèp la konnen sa. Men, li t ap chèche pèp e li te vle pèp la resevwa delivrans lan. Li te byen prepare epi li te bay repons sou espwa li genyen nan Jezi. Li te fè yo konnenJezi te peye pri a pou peche nou yo ak erè yo atravè sakrifis li te fè, imajine sa gen anpil nan yo ki te ka petèt prezan pou te vin gade Jezi sou kwa a.
Pyè te trè klè sou sa k pou fèt la. Li te di moun yo repanti epi li te batize yo.
Repanti vle di chanje – vire nan yon lòt direksyon. Sa vle di chwazi sa ki soti nan Bondye si yo kenbe nou nan peche. Lè nou repanti, nou antre nan yon nouvèl vi epi nou kòmanse pwodwi fwi Sentespri a. Repantans se plis pase jis yon bagay ou di; se jan ou viv la.
Batèm senpleman vle di plonje nan dlo. Jan Batis te deja konekte de (2) aksyon sa yo ansanm kòm preparasyon pou ministè Jezi. Kounye a, Pyè ofri chemen transfòmasyon sa a tou. Li pa bay anpil eksplikasyon men li ankouraje nouvo kwayan yo batize apre yo fin repanti.
Menm jan ak Jezi ki te mouri, ki te antere, epi retounen leve soti nan lanmò, nou imite Li lè nou obeyi ak sa Levanjil la mande a. Vye bagay yo pase, nou se yon moun nouvo. Akoz nou ranpli ak Lespri Bondye, nou pa kontinye peche ankò pou n ka jwenn favè, paske nou te mouri nan mòd lavi sa a, kounye a nou gen yon vi nouvèl nouvo epi nou ap bay yon nouvèl vi sa a ap donnen bonjan fwi nan jaden lavi nou.
Yon fwa nou gen Lespri Bondye k ap viv nan nou, pa gen kondanasyon ankò pou peche nou – pase, prezan, oswa fiti. Yo pa kapab kondane nou ankò nan lanmò espirityèl. Nou jwenn lavi nan Jezi Kris! Se Bòn Nouvèl Jezikri a moun yo te bezwen nan tan sa a jouk rive jodi a, yo toujou bezwen li!
Nou menm, nou pa nan domèn lachè men nou nan domèn Lespri, si vrèman Lespri Bondye ap viv nan nou. Si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa fè pati Kris la.
Nou ka angaje nou avèk Jezi nan chèche epi sove moun ki pèdi yo lè nou kòmanse fè ti chita pale ak yo, poze kesyon epi dekouvri ki kote moun yo ye nan sa ki gen pou wè ak relasyon yo ak Bondye. Ann chèche epi ede yo jwenn Sali nan Jezi Kris!
Konsènan Plan sa a
Gid Lekti pou 5 Jou sa a pral ekipe w ak konesans ak kapasite pou ou pataje Jezi ak lòt moun yo. Se pou yon limyè nan fenwa a!
More
Nou ta renmen remèsye Willie Robertson paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.harpercollins.com/blogs/authors/willie-robertson