LajwaEgzanp

Lajwa

JOU 4 SOU 4

Jwa ki Pa Janm Fini


Jwa Bondye ban nou se yon kado etènèl ki depase limit tan ak sikonstans. Pandan lavi a ka gen sezon lapenn, move moman, ak doulè, pwomès Bondye yo rete fiks, san chanje. Jwa li bay la baze sou pwomès etènèl li yo, yon pwomès ki garanti menm nan mitan tan difisil, Bondye toujou ap prepare pou nou yon sezon kè kontan. Jwa sa a pa janm diminye ni yo paka retire li nan men nou, paske sous li sòti nan kè Bondye menm. Se yon lajwa ki chita sou konfyans nou genyen nan Bondye fidèl nou an epi lanmou Li pou nou p ap janm febli.

Menm lè lavi a sanble plen avèk jou tristès ak chagren, Bondye ap travay nan lonbraj yo pou prepare yon nouvo chapit ki chaje ak kontantman. Bib la raple nou kijan sa ka rive nou kriye yon lannuit men lajwa ap vini nan maten. Se yon rapèl pou nou menm lè nou pa wè limyè lajwa a imedyatman, Bondye toujou gen yon plan pou fè nou soti nan lapenn ale nan kontantman. Jwa ki soti nan Bondye pa gen pou wè ak sèlman sa w santi oubyen emosyon ki chanje chak jou; li chita nan konesans ou genyen de Bondye ki ap mache avèk nou chak jou, ke li deja gen kontwòl sou tout bagay nan lavi nou.

Se ak sajès sa a nou ka kenbe fèm, menm lè bagay yo parèt difisil. Nan tout sitiyasyon, Bondye toujou ap travay pou byen nou, e li pap janm sispann ranpli kè nou ak lajwa li. Jwa ki soti nan li se yon fòs ki soutni nou, yon rapèl ke Bondye deja genyen batay yo pou nou. Ann sonje toujou repoze nan pwomès Bondye yo, epi kite lajwa etènèl sa a chanje jan nou viv, nan lapè ak konfyans. Kèlkeswa sa k ap pase, nou gen asirans ke lajwa sa a pa janm fini, paske li rasinen nan lanmou Bondye ki p ap janm fini.

Jou 3

Konsènan Plan sa a

Lajwa

Lajwa se yon don Bondye bay chak kretyen, menm nan mitan difikilte lavi yo. Nan gid lekti sa a, nou pral etidye ansanm kijan nou ka viv ak yon kè ki ranpli ak lajwa, malgre sikonstans yo. Avèk egzanp Biblik, nou pral aprann koute vwa Bondye ki pote lapè, espwa, ak kontantman nan lavi nou chak jou.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/