LajwaEgzanp

Lajwa

JOU 2 SOU 4

Lajwa nan sèvis Kris la

Kris la vle pou chak kwayan viv ak kè kontan ki sòti nan li, yon lajwa ki pa depann de kondisyon lavi ni sikonstans. Jwa sa a se yon kado espesyal Jezi ban nou pou ede nou kenbe espwa, menm lè lavi vin difisil. Nou gen privilèj sèvi yon Sovè ki toujou prezan, k ap gide chak pa nou, menm nan moman nou santi nou pi fèb. Jwa sa a plen nanm nou, paske nou konnen nou gen yon Bondye ki renmen nou san kondisyon e ki toujou ap mache avè nou.

Lè nou sèvi Kris la ak tout kè nou, nou dekouvri yon kalite lajwa ki pa genyen parèy. Nan sèvis nou pou Kris, lajwa nou jwenn la se pa yon bagay ki vreman vizib nan mond sa a; li depase tout sa ki materyèl. Lajwa nan sèvis Kris la se lè nou bay tèt nou pou edifye lòt moun, lè nou sèvi ak lanmou san patipri, lè nou viv yon lavi ki onore Bondye. Sèvis sa a ap fè nou santi kè nou ranpli ak kontantman, menm nan mitan tribilasyon, paske nou konnen nou ap fè volonte Bondye.

Chak jou Bondye ban nou pou viv se yon opòtinite pou selebre avèk lajwa. Pa kite chay lavi fè w bliye sous kontantman ou nan Kris la. Pandan w ap mache chak jou, sonje ke Bondye vle kè ou rete ranpli ak lajwa. Menm nan travay la, nan lapriyè, nan adorasyon, nou jwenn kontantman sa a. Se yon lajwa ki pa janm fini, paske se lanmou Kris la ki ap aji nan nou, ki se verite ak lavi a. Ann chèche selebre chak moman kòm yon pafen ki gen bon lodè k ap monte jwenn Bondye, pandan n ap rann li aksyon de gras pou kado lavi li ban nou.

Jou 1Jou 3

Konsènan Plan sa a

Lajwa

Lajwa se yon don Bondye bay chak kretyen, menm nan mitan difikilte lavi yo. Nan gid lekti sa a, nou pral etidye ansanm kijan nou ka viv ak yon kè ki ranpli ak lajwa, malgre sikonstans yo. Avèk egzanp Biblik, nou pral aprann koute vwa Bondye ki pote lapè, espwa, ak kontantman nan lavi nou chak jou.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/