LajwaEgzanp

Lajwa

JOU 1 SOU 4

Sous Lajwa


Lajwa nou jwenn nan Bondye se yon sous ki pa janm seche, yon kado ki depase tout lòt bagay nan lavi sa a. Lè n ap travèse difikilte, lè lavi parèt san espwa, se nan Bondye nou jwenn fòs pou kenbe kè kontan nou bon gre malgre. Paske, lajwa ki soti nan li pa depann de sikonstans, men de fòs relasyon nou gen avè l, yon relasyon ki chaje ak lanmou ak fidelite. Bondye envite nou vini pran repo ak kè kontan nan prezans li, kote tout chagren, tout fado vin pi lejè.

Malgre pwoblèm ak tribilasyon ki ka parèt sou chemen lavi nou, kè nou ka toujou ranpli ak lajwa si nou chwazi mete konfyans nou nan Bondye. Li bay yon lajwa ki pa rete nan nivo emosyon sèlman, men ki antre nan pwofondè nanm nou. Lajwa sa a soti nan yon konesans pwofon nou genyen sou Bondye ki ap travay pou byen nou, menm nan mitan pwoblèm nou yo. Lè n ap viv ak konfyans sa, lavi nou vin tounen yon temwayaj de bonte Bondye.

Se nan Bondye sèl nou jwenn vre kontantman ak lavi ki plen lajwa.

Jou 2

Konsènan Plan sa a

Lajwa

Lajwa se yon don Bondye bay chak kretyen, menm nan mitan difikilte lavi yo. Nan gid lekti sa a, nou pral etidye ansanm kijan nou ka viv ak yon kè ki ranpli ak lajwa, malgre sikonstans yo. Avèk egzanp Biblik, nou pral aprann koute vwa Bondye ki pote lapè, espwa, ak kontantman nan lavi nou chak jou.

More

Nou ta renmen remèsye Joseph Vassa paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.instagram.com/josephjeanmarcvassa/