GrangouEgzanp
![Grangou](/_next/image?url=https%3A%2F%2Fimageproxy.youversionapi.com%2Fhttps%3A%2F%2Fs3.amazonaws.com%2Fyvplans%2F50601%2F1280x720.jpg&w=3840&q=75)
Grangou pou Bondye se yon bagay nou twouve nan ADN David
Byen ou mal, ou nanpwen dout nan sa ou sanble ak paran ou nan kèk fason kanmenm. Si ou gen pitit, li posib ou remake jan yo sanble avè w tou. Gen kèk bagay ou erite oswa yo transfere ou ki soti nan fason ou aprann, epi gen lòt ki soti nan lanati ou—li fè pati ADN ou. David dekri sa nan pawòl la, se tankòm yon moun ki gen kè selon Bondye. Sa vle di li te sanble ak Bondye. Li te panse, santi, ak konpòte l nan yon fason ki onore Bondye e ki reflete karaktè Bondye. Li posib pou nou menm tou, devlope ADN David la: vin tounen moun ki grangou pou Bondye, sanble ak li lè nou aliyen tèt nou ak li ak chemen li.
Grangou pou Bondye vle di toujou anvi e chèche kè Bondye. David eksprime grangou sa a pou Bondye lè li di li swaf pou Bondye menm jan ak yon tè sèk ki bezwen lapli. Petèt ou te konnen kèk sezon nan lavi ou kote ou te santi yon dezespwa konsa pou prezans Bondye. Petèt nan kèk lòt moman nanm ou te swaf lòt bagay olye li te swaf pou Bondye. Petèt ou ta dwe kite grangou David ki pa janm fini pou Bondye an enspire w pou viv yon lavi kote w ap pran plezi nan rete nan prezans Li. Eseye fè espre pase tan ak moun ki demontre pasyon sa a, e aprann nan abitid yo, priyorite yo, oswa nan fason yo pran desizyon.
Mo David yo nan Sòm 63 montre plis anvi li genyen pou Bondye ak konpreyansyon sou kijan lavi san Bondye vid e initil. Sòm sa a montre benefis ki genyen lè w chèche Bondye ak tout kè ou se privilèj pou w viv pouvwa ak laglwa Li, ki transfòme nou e fènou vin sanble ak Li. Yon nonm saj te di Bondye o upa janm rankontre ak Bondye aksidantèlman, sa vle di nou bezwen chwazi pou chache Bondye san rete, ak entansyon, ak tout kè ou. Lè limanite te tonbe nan peche, nou te pèdi relasyon nou ak Bondye. Peche te vin rann kè nou di epi nou te retisan pou n renmen Bondye epi renmen lòt moun. E poutan, menm lè nou te sal epi rebèl, Bondye te kouri dèyè nou ak lanmou delivrans Li. Ann kòmanse tout bon vre pou nou chache Bondye nan gran lanmou sa a, menm jan Li ap chache nou. Nou dwe kòmanse gen plis swaf pou Bondye pase tout bagay. Nou dwe chèche Li an premye epi pase tout moman jounen nou depi nan maten rive jouk nan lannwit nou ak li nan, nan prezans Li. Se konsyans vivan Li ki ap ede nou kenbe l nan panse nou.
Si ou pa janm aksepte Jezi kòm Seyè e Sovè lavi ou, m ap mande w fè sa jodi a. Kite Li transfòme tout ou menm ak lanmou Li. Se pou ou konnen, chèche Bondye ak tout kè ou, sa vle di ou va jwenn Li. E se pou ou konnen ke jwenn Li se vin plis sanble ak Li, epi eksperimante richès laglwa Li.
Konsènan Plan sa a
![Grangou](/_next/image?url=https%3A%2F%2Fimageproxy.youversionapi.com%2Fhttps%3A%2F%2Fs3.amazonaws.com%2Fyvplans%2F50601%2F1280x720.jpg&w=3840&q=75)
Gid lekti pou kat jou sa ap founi je gade ak nou kijan lè yon moun grangou pou konnen Bondye epi pou fè lòt moun konnen Li sa ap pouse nou viv nan plan Li genyen pou nou. Ann dekouvri kisa ki fè David tounen yon nonm selon kè Bondye - epi kijan ou menm tou ou ka viv ak pasyon pou Bondye, jwi de yon zanmitay ak Jezi kote konfyans ou nan Li va satisfè bezwen ou yo. YouVersion devlope leson sa a pou ou.
More
Nou ta renmen remèsye Lawrence Oyor paske li bay plan sa a. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite: https://www.youtube.com/lawrenceoyor